Vandredi 22 Avril 2022
Melissa Patterson Ap Prezante Depatman Edikasyon Miltikiltirèl
Gade Cho Televizyon "Enfòme W"
Pou Semèn Sa a!

Sijè semèn nan se: ENFÒMASYON SOU MALADI OTIS
ak Sikològ Marie Jasmin.
Distri A Nonmen Yon Nouvo Chèf Polis
Mèkredi 20 avril 2022, Komite Direksyon Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la apwouve inanimman Sarah Mooney pou vini nouvo Chèf Polis Distri a. Li ap prete sèman 2 Me 2022 epi kòmanse kòmande Depatman Polis Distri a apati jou sa a. 
Pwofesè Pou Semèn Nan
Sikològ lekòl yo genyen yon wòl enpòtan nan èd yo bay elèv nan domèn akademik, sosyal, ak emosyonèl.
Jennifer Valentine se youn ladan yo ki pote kontribisyon l nan Lekòl Elemantè Cypress Trails. Se li ki nonmen "Pwofesè pou Semèn nan."

Distri A Selebre Volontè Ak Patnè Biznis Yo
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la onore volontè ak patnè biznis ki ap ede estaf lekòl, pwofesè, ak elèv yo jwenn asistans, founiti klasik, sipò ak sèvis yo bezwen pou ekselans nan edikasyon. Li remèt prim bay de twa nan yo. 

Jodi a se Jounen Latè 2022! Youn nan fason kominote a kapab envesti nan planèt nou Jounen Latè sa a se pou ede netwaye espas piblik nou yo, tankou plaj ak vwa navigab Sid Florid yo. Yon mond ki pi dirab kòmanse ak nou tout.
Suiv @PBCSDKreyol sou Facebook, Twitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl nan lang Kreyòl Ayisyen.