Pandan konpetisyon Ethics Bowl pou ane 2022 a, elèv lekòl segondè yo montre nivo konsyantizasyon yo sou konsèp modèn yo rele "fantom / ghosting an anglè”," ki defini sitiyasyon lè yon moun koupe sibitman kominikasyon ak yon lòt san okenn avètisman oswa eksplikasyon.
Depatman Teknoloji Enfòmasyon nan Distri a travay san pran souf pou asire elèv ak anplwaye rete konekte, enfòme, epi aprann pi byen posib nan anwiwonnman teknoloji.
Debbie Strominger se pwofesè ki jwenn onè nan inisyativ "Remèsye yon Pwofesè" pou semèn nan. Li di li se yon pwofesè kindègatenn nan kè li. Li ap anseye nan Lekòl Elemantè Jerry.
Elèv ap Eksplore Plizyè Opsyon pou Karyè yo Alavni
Fevriye se Mwa Edikasyon Teknik ak Karyè. Ak plis pase 300 pwogram ochwa ak karyè nan distri a, elèv yo genyen anpil opòtinite pou aprann nan yon domèn pou fiti yo.
Pandan ekspozisyon "Claim Your Future" nan Palm Beach County Convention Center semèn sa a, elèv yo te tande diskou motivasyon sipèentandan Burke, aprann nan men lidè nan endistri yo epi rankontre ak reprezantan biznis. Gade videyo pwogram nan pou elèv segondè.
Yon antrenè nan Lekòl Segondè Palm Beach Lakes kontinye ap fè istwa. Cassandra Rahming genyen 500 match baskètbòl nan karyè 25 ane li. Li se premye afriken ameriken ki reyalize sa. Tande l ki ap eksplike kisa sa vle di pou li.