Jwenn Leson Patikilye Sou Entènèt Gratis Apati Janvye
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la antre nan yon akò ak Paper Education Company, Inc. ki pral bay aksè san limit ak pwofesè Paper yo ki ap disponib sou demann 24/7 pandan tout ane a pou ede elèv yo nan tout domèn ak tout nivo klas. Klike la a pou w li plis.
Orè Gradyasyon
Pwomosyon 2022
Seremoni gradyasyon pou pwomosyon 2021-2022 a pwograme pou fèt, anpèsòn, nan dat ak lè ki nan lis ki anba a. Sepandan, nou vle fè konnen akòz kondisyon sante enprevi, Distri a rezève dwa pou chanje fòma seremoni sa yo.
Elèv nan Akademi Jistis Kriminèl nan Lekòl Segondè Atlantic ap aprann non sèlman kijan pou yo pwoteje, men tou, kijan pou yo konekte ak kominote a.
Elèv yo dènyèman te ale nan Delray Achievement Center for Children and Families pou yo delivre jwèt pou sezon fèt la. Klike la a pou w gade videyo a.
Olympic Heights Selebre Yon Konseye Akademik
Doktè Sherron Brown te reve vin yon edikatè depi li te genyen 11 an lè li menm ak sè li yo te dirije yon pwogram akademik pandan ete pou elèv nan peyi Jamayik. Kounye a li se yon konseye akademik nan Lekòl Segondè Olympic Heights ak gayan inisyativ "Remèsye Yon Pwofesè" pou semèn sa a!
Elèv nan Seminole Ridge Weitz Construction Academy fini konstriksyon 9yèm kay yo pou Habitat for Humanity. Yo te deplase kay la soti nan lekòl la pou ale nan yon pozisyon pèmanan nan Belle Glade, kote yon fanmi pral rete ladan l.
Pwogram espesyal Fondasyon Edikasyon Rejyon Palm Beach la ki rele Red Apple Supplies distribye plis pase $1 milyon founiti klasik gratis bay lekòl Tit I nan tout Distri a depi kòmansman ane lekòl 2021-2022 a.
Pran yon ti tan pandan vakans ivè a pou eksplore opsyon 300+ Pwogram Chwa ak Karyè Distri a. Aplike pou ane lekòl 2022-2023 la sou mypbchoiceapp.com avan vandredi 28 janvye 2022.