6 Avril 2026

 
Facebook  Instagram  X  YouTube

Enskripsyon Pou Pwogram Gadri Aprè Lekòl Ouvè 13 Avril Pou Ane Lekòl 2026-2027 La

 

Pou ane eskolè 2026-2027 ki ap vini an, enskripsyon pou pwogram gadri aprè lekòl Distri a pou nouvo elèv jadendanfan rive jiska klas 5yèm ap kòmanse lendi 13 avril 2026 a 6è nan aswè.

 

Paran yo kapab enskri pou yon pwogram aprè lekòl lè yo vizite pòtal enskripsyon sou entènèt la, Eleyo, pou soumèt yon demann kontra enskripsyon pou pwogram aprè lekòl. Yo kapab mande enskripsyon pou tout nivo klas yo.

 

Klike la a pou aprann plis sou enskripsyon pou pwogram aprè lekòl.

23 Avril Se Jounen Mennen Pitit Fi Ak Pitit Gason Nou

ďťżNan Travay Ak Nou 

Jedi 23 avril, elèv K-12 yo ap gen opòtinite pou akonpaye yon paran oswa yon responsab legal nan travay yo ki pa nan Distri a.

 

Elèv ki ap patisipe nan Jounen Mennen Pitit Fi ak Pitit Gason Nou nan Travay nan dat 23 avril la ta dwe soumèt yon nòt bay lekòl yo pou anonse absans yo.

 

Elèv ki ap patisipe yo ap resevwa yon absans eskize pou jounen an.

 

Klike la a pou w aprann plis sou aktivite sa a. 

Alexis Wilson Se Nouvo Gayan Pwofesè Pou Semèn Nan

Alexis Wilson se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Mwayen Bak. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a.

 

Li resevwa yon chèk $500 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li ak devouman li nan travay li.

 

Klike la a pou gade videyo a.

Pwofesè Distri Lekòl Rejyon Palm Beach Yo Domine

ďťżLis Finalis Pri Dwyer 2026 Yo

Konsèy Ekonomik Rejyon Palm Beach, Inc. la nonmen finalis pou 42yèm Pri William T. Dwyer anyèl pou Ekselans nan Edikasyon.

 

Vennsis nan 28 finalis ane sa a soti nan lekòl Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la opera.

 

Finalis yo chwazi dapre reyalizasyon yo nan salklas, filozofi edikasyon pèsonèl, lidèchip, ak plis ankò.

 

Chèche konnen ki moun ki te nonmen kòm finalis.

Felisitasyon Pou Sèvis Kliyantèl: Sacha Abreu

Lyezon Kominotè nan Lekòl Elemantè Benoist Farms

"Madan Abreu toujou akeyi moun ak kè kontan nan Lekòl Elemantè Benoist Farms, menm pandan moman ki pi difisil nan biwo resepsyon an.

 

Li toujou bay lòt moun priyorite lè li ofri asistans devwe epi fè chak vizitè santi yo gen valè.

 

Kominote lekòl la konsidere li vrèman genyen chans pou benefisye de jantiyès ak sipò san fay li." 

 

Nonmen yon moun ki merite felisitasyon pou sèvis kliyantèl.


Inisyativ Felisitasyon Pou Sèvis Kliyantèl rekonèt angajman eksepsyonèl yon anplwaye demontre nan travay li pou byen sèvi moun. 

Prezantasyon Espesyal Lekòl:

Lekòl Elemantè Pioneer Park

The school's amazing teachers and staff bring their A-game each and every day. They help provide an opportunity for students to grow and become their best selves.


Rankontre elèv ak anplwaye Lekòl Elemantè Royal Palm Beach.


• Klas: K-5

• Maskòt: Lous

• Koulè: Ble, Blan, Lò


39500 Pioneer Park Rd.

Belle Glade, FL 33430

561-993-8600


Patisipe Nan Reyinyon Enfòmason Pou Enskripsyon

Nan Jadendanfan, 6-10 Avril 2026

 

Direktè lekòl yo ap òganize reyinyon enfòmason pou fasilite enskripsyon nouvo elèv nan jadendanfan epi prezante lekòl la bay paran ak responsab yo.

 

Reyinyon sa yo ap fèt maten ak nan apremidi.

 

Paran ap genyen opòtinite rankontre ak direktè lekòl yo, pwofesè yo, vizite lekòl yo, jwenn yon apèsi sou kourikoulòm jadendanfan an, ak plis ankò.