Distri Lekòl Rejyon Palm Beach, ansanm ak Fondasyon Edikasyon Rejyon Palm Beach, onore Direktè, Asistan Direktè, Pwofesè, ak Anplwaye Sipò lekòl pou Ane 2022 a nan yon selebrasyon ki rele 'Celebrate the Great / Selebre Gran Yo'.
Sheryl Rangel te ale lekòl nan distri a. Li vwayaje nan mond la pou kòmanse karyè li nan domèn edikasyon, li tounen vin anseye nan Lekòl Elemantè Starlight Cove.
Lekòl Elemantè Coral Sunset se yon gwo ekzanp kote genyen yon ekip ki ap travay di, ak tenasite, epi mete men ansanm pou vini jwenn tit yon lekòl nivo A. Lekòl la resevwa prim pou akonplisman li.