Madi 27 Jiyè 2021
Distri a Pibliye Dokiman Gid Pou Ane Lekòl 2021-2022 a
Lekòl ap kòmanse 10 out. Distri a pibliye Dokiman Gid li ki bay tout pwotokòl sekirite pou ane lekòl 2021-2022 an. Y ap fè mizajou sou li pandan tout ane a depi genyen chanjman nan pwosedi ak pwotokòl yo. Klike la a pou w gade vèsyon anglè a la a. Vèsyon Kreyòl Ayisyen an ap disponib trè byento.
Komite Direksyon Distri a Nonmen Mike Burke Nouvo Sipèentandan Pwovizwa
Direktè Finansye Anchèf Mike Burke pral sèvi kòm sipèentandan pwovizwa distri a pandan Komite Direksyon Distri a ap fè yon rechèch nasyonal pou yon sipèentandan epi chwazi yon ranplasman pèmanan. Klike la a pou w li plis.
Gade Kijan Santim Ou Ap Travay
Anpil reparasyon, renovasyon, anbelisman, ak plizyè travay konstriksyon ap fèt nan Lekòl Segondè Royal Palm Beach gras ak kontribisyon santim ou an pou konstriksyon lekòl nou yo. Klike la a pou w gade yon ti videyo.
Sonje Pou w Enskri Pou Transpòtasyon
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la egzije pou tout elèv ki pral itilize transpòtasyon nan bis yo pou ane lekòl 2021-2022 an enskri nan Depatman Transpòtasyon an. Sa a pèmèt elèv la deja anrejistre nan pakou yon bis. Klike la a pou w li plis.

Pou nouvo elèv nan Distri a, tanpri kontakte Sant Apèl Depatman Transpòtasyon an lendi pou Jedi a 6 a.m. pou 4:30 p.m. nan nimewo 561-357-1110.
Nou Bezwen Chofè Bis! Aplike Kounye a
Depatman Transpòtasyon Distri Lekòl Rejyon Palm Beach ap òganize jounen anbochaj pou chofè bis Jedi 5 Out soti 9:30 nan maten pou rive 2:00 nan apremidi nan lokal ki nan 3376 Summit Blvd nan West Palm Beach. Klike la a pou w li plis.

Elèv Angaje Yo Nan Bèl Eksplorasyon ak Nouvo Liv
Gras ak yon donasyon Fondasyon Robert ak Mary Pew, elèv ak fanmi yo nan Lekòl Elemantè Highland ak plizyè lekòl Tit I yo jwenn liv tou nèf pou fè lekti lakay yo pou evite yo fè bak akademikman pandan vakan ete a.  Gade videyo a.
Wikenn Sa a Se Wikenn San Taks Pou Reouvèti Lekòl
Ou kapab achte founiti klasik, rad, aparèy elektwonik, ak plizyè lòt atik san peye taks soti samdi 31 jiyè pou rive lendi 9 out. Klike la a pou w wè lis atik ki kalifye ak jwenn plis enfòmasyon.
Mete mas ap yon opsyon pou elèv yo, anplwaye yo, ak vizitè sou pwopriyete Distri Lekòl la pandan ane lekòl la 2021-2022. Sepandan, piske CDC rekòmande pou moun ki pa vaksinen kontinye mete mas andedan kay, Distri a ankouraje elèv yo, anplwaye yo, ak vizitè yo pou yo mete yon mas andedan bilding yo tout tan sa posib, sitou lè yo pa kapab kenbe distans fizik twa pye oswa plis pase sa a.
Suiv Medya Sosyal Kreyòl Distri a Pou Enfòmasyon
Suiv medya sosyal Kreyòl Distri a pou montre enpòtans lang Kreyòl Ayisyen ak nesesite pwogram bileng Kreyòl/Anglè nan distri a tankou pwogram Panyòl/Anglè yo. Gen TWITTER, FACEBOOK, INSTAGRAM. Suiv nou sou @PBCSDKreyol.