23 Mas 2026

 
Facebook  Instagram  X  YouTube

Elèv Kapab Aplike Kounye a pou yon Estaj Peye

nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach pou Ete 2026 la

 

Okazyon sa a ouvè pou elèv ki nan klas 11yèm ak 12yèm ane nan lekòl segondè nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la, ansanm ak elèv ki gradye nan Distri a ki aktyèlman enskri nan yon kolèj oswa inivèsite.

 

Elèv yo kapab touche $15 pa èdtan pandan y ap travay ak anplwaye Distri a nan plizyè domèn. Eksperyans lan ap ede elèv yo aprann konpetans reyèl epi prepare yo pou karyè nan lavni. Nou ap aksepte aplikasyon kounye a.

 

Dat limit pou aplike pou yon estaj se dimanch 5 avril 2026.

 

Aprann plis sou estaj elèv pou ete a epi aplike kounye a.

Men Yon Lòt Edisyon

Sipèentandan An Ap Mete Men Nan Pat La

Mwa sa a, Mesye Burke retounen nan baz lekòl yo pou al jwe wòl yon elèv nan pwogram Edikasyon Mizik nan Lekòl Elemantè Highland.

 

Gade kijan eksperyans pratik sa a nan domèn atistik la mete elèv yo sou bon chemen pou reyisi gras ak fòmasyon espesyalize, ekspresyon kreyatif, ak eksperyans pèfòmans nan mond reyèl la.

 

Gade videyo Lekòl Elemantè Highland ki ap byen prepare fiti atis nou yo. 

Janice Jimenez Se Nouvo Gayan Pwofesè Pou Semèn Nan

Janice Jimenez se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Elemantè Coral Reef. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a.

 

Li resevwa yon chèk $500 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li ak devouman li nan travay li.

 

Klike la a pou gade videyo a.

Dèyè Badj La: Ajan Polis Midian Diaz

N ap fè w fè konesans ak anplwaye sa yo ki pote badj polis, pou mete aksan sou gason ak fanm enkwayab ki nan Depatman Polis Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la! Fwa sa a, n ap vizite Ajan Polis Midian Diaz nan Lekòl Elemantè Meadow Park.

 

Ofisye Diaz te vin nan Depatman Polis Distri a apre 25 ane li te pase nan Depatman Polis Vil Boynton Beach. Li se yon manm enpòtan fanmi Lekòl Meadow Park la. Li kreye lyen solid ak elèv, anplwaye yo, epi li toujou la pou sipòte yo.

 

Rankontre Ofisye Midian Diaz.

Felisitasyon Pou Sèvis Kliyantèl: Danielle Barber

Teknisyen Dosye Elektwonik Nan Lekòl Elemantè Washington

"Madan Barber se egzanp estanda 'Catch the Wave' la lè li bay yon tretman done presi avèk yon mantalite proaktif, oryante sou solisyon.

 

Pwofesyonalis ak ijans li yo enpòtan anpil pou reyalize rezilta operasyonèl solid pandan y ap kenbe yon apwòch sèvis an premye. Li toujou depase atant yo, li asire ke chak entèraksyon reflete fyab ak ekselans."

 

Nonmen yon moun ki merite felisitasyon pou sèvis kliyantèl.


Inisyativ Felisitasyon Pou Sèvis Kliyantèl rekonèt angajman eksepsyonèl yon anplwaye demontre nan travay li pou byen sèvi moun. 

Prezantasyon Espesyal Lekòl:

Lekòl Segondè William T Dwyer

Dwyer se yon lekòl ki gen yon nòt "A", epi yo konsidere sa kòm yon estanda. Lekòl la gen opsyon ki gen yon objektif. Nan Dwyer, elèv yo ka pouswiv etid akademik elit ak chemen nan lavi reyèl.


Rankontre elèv ak anplwaye Lekòl Elemantè Royal Palm Beach.


• Klas: 9-12

• Maskòt: Pantè

• Koulè: Mawon, Ble, Gri Ajante


13601 N. Military Trail

Palm Beach Gardens, FL

33418. 561-625-7800


Yon Mesaj Ki Soti Nan Depatman Edikasyon Eta Florid La

 

Depatman Edikasyon Eta Florid pibliye yon lèt ki soti nan men Komisyonè Edikasyon Anastasios Kamoutsas konsènan Ekspresyon Relijyon.

 

Li konplè Komisyonè Edikasyon an.

Distri Lekòl Rejyon Palm Beach ap òganize pi gwo fwa anbochaj pou bay travay

pou ane a nan South Florida Fairgrounds nan West Palm Beach,

mèkredi 1ye avril 2026, soti 11 a.m. pou rive 2 p.m.