Vandredi 17 Mas 2023
Rankontre Lidè Distenge Nou Yo
 
Pri Lidè Distenge Nou Yo konekte ansanm biznis ak lidè kominote filantwopik yo pou pataje enpòtans ki genyen nan envesti nan elèv jodi a kòm lidè demen. Evènman anyèl sa a se yon patenarya ant Konsèy Devlopman Biznis la, Fondasyon Edikasyon nan Rejyon Palm Beach, ak Distri a.
 
Administratè Rejyon Palm Beach la, Verdenia C. Baker, se li ki resevwa Pri Patnè Eksepsyonèl Biznis 2023 a. Verdenia te jwe yon gwo wòl nan etabli Fire Science Academy nan Palm Beach Lakes High School ak Digital Inclusion Initiative pou ekipe fanmi yo ak entènèt gwo vitès lakay yo.
 
 
Gary Lesser, manadjè Lesser, Lesser, Landy, ak Smith, se benefisyè Ed Tancer Distinguished Alumni Award 2023 a! Gary eksplike kijan edikasyon li nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la te prepare l pou yon karyè ki gen siksè epi li ofri konsèy pou etidyan aktyèl yo.
 

Bito David nan emisyon “ENFÒME W” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach ap resevwa kòm envite Margueline Rimpel ki ap pale osijè sa paran dwe konnen pou rès ane akademik pitit yo kote l ap kouvri sijè tankou:
  • Preparasyon pou gradyasyon
  • Kontak ak Konseye Adademik
Enskripsyon Pou Pwogram Apre Lekòl Ap Ouvri Byento
 
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ofri bon jan kalite pwogram apre lekòl ki satisfè bezwen fondamantal elèv pandan yo pa lekòl. Pwogram yo bay yon anviwonman ki an sekirite, kote timoun yo ap patisipe nan bon jan aktivite ki ap anrichi lespri yo epi fè yo fè eksperyans enteresan.
 
Enskripsyon pou pwogram apre lekòl pou ane 2023-2024 pou klas 1-5 ane ap kòmanse lendi 3 avril 2023 a 7 p.m.
 

Remèsye Yon Pwofesè

Christie Connors, se pwofesè ki genyen pri 'Remèsye Yon Pwofesè Pou Semèn Nan'. Li se yon pwofesè nan Lekòl Elemantè Starlight Cove. Inisyativ sa a rekonèt chak semèn yon pwofesè ke elèv, paran, ak estaf anplwaye nonmen pou devouman yo, pwofesyonalis yo, ak jan yo genyen enpak pozitif sou elèv. Klike la a pou gade videyo a.
Gwo Leson Nan Men Sivivan Olokòs Yo
 
Se sèlman twazan Zelda Fuksman ak John Koenigsberg te genyen lè dezyèm Gè Mondyal la te kòmanse, kounye a y ap pataje sa yo sonje de Olokòs la. Gade jan yo pataje souvni ekstrèmman pèsonèl yo ak elèv klas senkyèm nan Lekòl Elemantè Egret Lake.

Elèv Klas Tèminal Distri Yo Bay Veteran Dezyèm Gè Mondyal Yo Yon Gwo Sipriz
 
Mèkredi 15 mas la, elèv ki nan klas tèminal ki ap etidye Istwa ak pwofesè David Trail bay Carmin Yannotta, yon veteran Dezyèm Gè Mondyal ki gen 98 an, ki sèvi kòm anbasadè pou òganizasyon Honor Flight san bi likratif, yon chèk $15,000 pou òganizasyon an.  
 
Yon elèv klas tèminal nan Lekòl Segondè Suncoast nan Riviera Beach ranmase $15,000 pou Honor Flight Network, ki sèvi veteran militè nan tout peyi a.
 
Suiv @PBCSDKreyol sou Facebook, Twitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl nan lang Kreyòl Ayisyen.
Koneksyon Edikasyon Se Vwa Kreyòl Distri A Sou Radyo

Sonje Distri Lekòl Rejyon Palm Beach prezante KONEKSYON EDIKASYON. Koneksyon Edikasyon se vwa Kreyòl Distri a pou pote enfòmasyon pou paran ayisyen ak tout kominote a sou sa k ap pase nan lekòl yo ak nan distri a. Tout sa w bezwen konnen sou Distri Lekòl Rejyon Palm Beach pou w pi byen patisipe nan edikasyon pitit ou
w ap tande l sou frekans
980 AM Radio Haiti Amérique Internationale jedi a 5:30 nan apremidi.