Madi 25 Jen 2019          
SE SEZON VAKANS

Pase bon vakans!

Lekòl ap reouvri pou elèv lendi 12 out 2019.
Plizyè Pwojè Konstriksyon sou Pye pandan Ete a nan Plizyè Lekòl

Ekip konstriksyon an ap travay di pandan ete a. Y a repare epi mete nan pi bon kondisyon plizyè douzèn lekòl nan Distri Palm Beach la. Pwojè sa yo posib gras ak lajan taks yon santim nan votè yo te apwouve nan ane 2016 la.
Sipèentandan Donald Fennoy ap pase tan nan kafeterya ak timoun yo nan @ElbridgeGaleES . Distri a ofri dejene ak manje midi gratis nan plis pase 120 lokal. Lokal kote yo ap bay manje yo ap ouvri kote plis pase 50 pousan elèv yo kalifye pou manje gratis oswa a pri redui. Elèv ki nan pwogram pandan vakans yo oswa nan kan yo ap kapab jwenn manje gratis tou. Klike la a pou w jwenn lis lokal yopa vil : http:// bit.ly/2IN1FW4  
Aktivite Pandan Vakans Ete

Elèv soti kindègatenn rive klas douzyèm ak tout paran yo kapab jwenn santèn aktivite ak resous pou kontinye aprann pandan vakans ete a pou anpeche yo fè bak pandan peryòd pa gen lekòl la. Paj entènèt la genyen aktivite pou tout sijè, lis lekti pou yo fè, enfòmasyon sou kan pandan vakans, aktivite kominotè, kote ki genyen sèvis, ak resous nan kominote a pou fanmi yo.   (Klike la a pou w li plis)
ENFÒMASYON OU DWE KONNEN

Kisa:  Ekspozisyon Sante Kominotè
Ki lè:     Samdi 3 out, 2019 - 8:00 AM-2:00 PM
Ki kote:  Boys and Girls Club Riviera Beach
                 221 W. 13 th Street, Riviera Beach, FL 33404

·          Ekzamen medikal pou rantre lekòl
·          Vaksinasyon
·          Egzamen tete
·          Egzamen Dan
·          Edikasyon sou sante ak resous
·          FOUNITI KLASIK GRATIS

Pou plis enfòmasyon, imel info@tljmedicalsociety.org oswa rele (561) 318-0814.
Tanpri suiv nou sou platfòm twitter kreyòl la?

Klike la a pou suiv nou sou Twitter @PBCSDKreyo l

Twitter se youn nan medya nou itilize pou bay nouvèl ak enfòmasyon ki soti nan distri a.
Preparasyon ak distribisyon Biwo Kominikasyon ak Angajman
Bito David, Editè

pou enfòmasyon kontakte  bito.david@palmbeachschools.org |  561-738-2776  
Dwa Otè © 2018. Tout Dwa Rezève.