Fwa Travay Distri A Bay Opòtinite Pou Vin Fè Pati
Ekip Distri Lekòl La
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach ap òganize pi gwo evènman anbochaj li pou ane a. Evènman sa a pral prezante tout 182 lekòl distri a opere ansanm ak depatman ki gen pozisyon travay nan domèn ansèyman, ak anplwaye sipò.
Pou Mwa Apresyasyon Volontè Lekòl Florid yo ki se avril, Distri a ap selebre volontè ki gen devouman ak angajman pou ede lekòl, pwofesè ak elèv yo. Chak ane, gen apeprè 40.000 volontè nan lekòl distri yo. Lè volontè yo bay estime a anviwon $25 milyon.
Remèsye Yon Pwofesè Kòm Pwofesè Pou Semèn Nan
Megan Embik se nouvo gayan inisyativ âRemèsye Yon Pwofesèâ nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Segondè William T. Dwyer. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a. Li resevwa yon chèk $250 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ âRemèsye Yon Pwofesèâ genyen kòm objektif pou ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li.
Patisipe nan Reyinyon Enfòmasyon Pou Jadendanfan pou w rankontre pèsonèl lekòl ou a, aprann sou kourikoulòm jadendanfan, konprann kijan y ap akeyi ak nouri pitit ou a, epi fè konesans ak pwogram ak sèvis lekòl ou a.
Elèv Lekòl Segondè Dwyer Ap Aprann Ladrès Pratik
Nan Ranpli Deklarasyon Taks Gratis
Soti nan WPBF â Gen kèk elèv lekòl segondè William T. Dwyer k ap fè eksperyans pratik ak yon bagay chak adilt gen pou fè evantyèlman ki se deklare taks. Yo ap sèvi kòm volontè nan United Wayâs Volunteer Income Tax Assistance Program, oswa VITA.