Elèv ap konsantre sou Konstitisyon peyi a ak Deklarasyon Endepandans la pandan mwa septanm la ki rekonèt antanke Mwa Fondatè Nasyon an. Dènye semèn mwa septanm la ap selebre Semèn Libète.
Paran, sonje reponn kesyon wi oswa non ou otorize pitit ou pran swen sante nan klinik lekòl li nan ka li ta kapab malad oswa pa santi li byen. Se yon bagay kounye a ki obligatwa. Lekòl yo dwe gen repons ou nan dosye piti ou.
Jedi pase a, Palm Beach State College anonse li ap kontinye patenarya li ak Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la pou ede plis elèv patisipe epi pi byen prepare pou karyè nan sekirite sibènetik ak teknoloji enfòmasyon. Anons sa a se rezilta yon sibvansyon $1 milyon pou pwojè cyber pathway ki soti nan Depatman Edikasyon eta Florid ki pral pote fòmasyon sou sekirite sibèntetik dirèkteman bay elèv PBCSD yo.