13 Janvye 2025

 
Facebook  Instagram  X  YouTube
Resous Pou Fanmi Yo
Kalandriye 2024-2025
Santim Ou Ap Travay

Distri A Selebre Ogmantasyon Pousantaj Gradyasyon

Lekòl Segondè Pou Ane 2024 La


Pousantaj gradyasyon pou ane 2024 lekòl segondè nan Distri a kontinye pi wo pase gwo distri iben nan eta Florid la epi li depase mwayèn eta a, dapre Depatman Edikasyon Florid (FDOE). Pousantaj gradyasyon an ogmante soti 94.1% pou rive 95.9% (+1.8) pou lekòl distri a te opere dirèkteman yo.


Klike la a pou li anons konplè a.

Anons Finalis Pri Selebrasyon Ekselans La    

Distri a nonmen finalis pou Direktè, Asistan Direktè, Pwofesè, ak Anplwaye Sipò pou Pri Selebrasyon Ekselans pou Ane 2025-2026.

 

Chak finalis te chwazi pa ekip lidèchip rejyon yo an rekonesans istwa ekselans yo demontre ak kontribisyon enpòtan yo bay nan lekòl yo ak kominote yo.

 

Fondasyon Edikasyon Rejyon Palm Beach ak Distri a pral òganize yon evènman pou onore finalis yo ki rele Celebrate The Great. Evènman an ap fèt nan mwa janvye 2025 la.

 

Klike la a pou w gade videyo yo.

Elèv Yo Ap Prepare Siksè Yo Nan Akademi Kuizin Distri A   

Genyen sèlman kèk semèn ki rete pou aplike pou plis pase 300 Pwogram Chwa ak Akademi Karyè ki disponib nan distri a. Gade kijan elèv nan Lekòl Segondè Palm Beach Gardens ap prepare pou pwochen karyè yo nan pwogram Akademi Kuizin lekòl la.

 

Dat limit pou aplike pou yon Pwogram Chwa pou ane lekòl 2025-2026 la se vandredi 31 janvye 2025.

 

Klike la a pou aplike kounye a.

 

Klike la a pou w gade videyo a.

Remèsye Yon Pwofesè Kòm Pwofesè Pou Semèn Nan

Shatoya Pettway se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Elemantè Pioneer Park. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a.

 

Li resevwa yon chèk $350 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif pou ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li.


Klike la a pou nonmen yon pwofesè!

 

Klike la a pou gade videyo a.

Yon Elèv Lekòl Segondè Suncoast Se Ewo Pou Inisyativ Li 

Brody Galloway se yon elèv klas tèminal nan Lekòl Segondè Suncoast ki kòmanse yon òganizasyon benevòl ki rele Envision MedTech pou ede pote teknoloji medikal pedyatrik nan zòn ki pa gen anpil sèvis sa yo nan mond lan. Brody eksplike li te gen yon domaj konjenital nan kè ki ra lè li te timoun epi li te sibi 10 operasyon. Se sa ki enspire l pou kolekte fon lajan pou pote ekipman medikal ki te sove lavi l bay timoun nan zòn ki pa gen teknoloji medikal avanse sa a.

 

Brody travay kole kole ak yon lopital nan Ondiras epi li te fè premye vwayaj misyon li nan peyi a nan mwa Out pou delivre pwovizyon ak espwa atravè pwòp istwa li.

 

Klike la a pou w li istwa CBS 12 News la.

Nou Vle Tande Opinyon W 

Kesyonè Sou Efikasite Lekòl Yo (SEQ) bay paran, elèv ki nan klas 3yèm rive 12yèm ane, ak anplwaye ki nan lekòl yo yon opòtinite pou yo bay distri a opinyon yo. Repons nan kesyonè sa a ap bay enfòmasyon enpòtan ki ap ede lekòl yo ak Distri a devlope ak soutni Ekselans ak Kwasans Akademik, ak yon Kilti ki konsantre sou Elèv, ki se tèm santral nan Plan Estratejik la.

 

Sondaj la ap rete ouvè jiska vandredi 14 fevriye 2025 pou paran ak elèv.

 

Klike la a pou w patisipe.