18 Desanm 2023
Sipèentandan Burke Ap Mete Men Nan Pat La

Sipèentandan Mike Burke ap prepare yon epizòd enteresan nan Lekòl Mwayen Eagles Landing. Li al aprann kijan pou l fè resèt Chef Greg Lauder ansanm ak elèv ki nan pwogram atizay pre-gastronomik ki ap aprann plizyè ladrès nan pwogram akademik espesyal sa a.

Pa bliye! Dat limit pou aplike pou yon pwogram Chwa pou ane lekòl 2023-2024 la se 26 janvye 2024. Klike la a pou w aprann plis epi aplike kounye a.

“ENFÒME W” Ap Resevwa Kòm Envite
Doktè Jephta Petit-Frère Ki Pral Pale Osijè Angajman Paran
Tcheke Bilten Elèv Ki Rele Scoop La
Pou mwa sa a Bilten Scoop ap prezante elèv pwodiksyon televizyon nan Lekòl Segondè Palm Beach Gardens. Tande kijan elèv yo selebre Semèn Edikasyon Syans Enfòmatik ak yon pwojè kodaj inik, kijan pou ou gade pèfòmans Chante Sezon an, ak enfòmasyon enpòtan sou dat limit pwogram Chwa yo.

Remèsye Yon Pwofesè Kòm Pwofesè Semèn Nan
Kim Brobston se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Elemantè Heritage. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a. Li resevwa yon chèk $250 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif pou ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li.

Elèv Distri A Bay Chenpanze Lion Country Safari Kado Nwèl

Chenpanze nan Lion Country Safari resevwa kado espesyal nan men elèv Distri a. Elèv lekòl primè yo te reyalize anpil aktivite anrichisman pou montre kreyativite yo epi devlope konpetans yo nan STEM (syans, teknoloji, jeni, ak matematik). Yo vlope kreyasyon yo kòm kado sipriz pou fèt la pou bay chenpanze yo pou pwogram anyèl ki rele Nwèl Ak Chenpanze Yo.

Talan Atistik Nan Ekspozisyon Anyèl Winter Art Dazzle
Elèv ki gen talan nan tout nivo klas, ki reprezante 43 lekòl atravè Distri a, ap montre travay atistik yo. Kreyasyon yo ekspoze nan biwo prensipal distri a ki nan Fulton-Holland Educational Services Center nan West Palm Beach pou tout moun vizite pandan sezon fèt la.

Zèv 839 elèv ki anba sipèvizyon 52 pwofesè atistik disponib tou sou sit entènèt Winter Art Dazzle. Klike la a pou w gade yo.

Jwi Vakans Ivè A Nan Norton Museum of Art
Jwi tout sa Mize a gen pou l ofri Jedi 28 Desanm ak Vandredi 29 Desanm pou yon prezantasyon espesyal "Schools Out!". Rantre a ap GRATIS pou fanmi yo. Norton envite fanmi yo vini eksplore zèv atizay yo epi patisipe nan aktivite tradisyonèl ki selebre fèt fen ane nan mond la. Klike la a pou anprann plis.

Sipèentandan Burke Ap Patisipe Nan Panèl Edikasyon
Nou envite w gade yon deba ak yon panèl edikasyon ki ap genyen ladan l Sipèentandan Mike Burke samdi 6 janvye 2024, 10:00 pou 11:00 AM nan The Square, ki chita nan 700 South Rosemary Avenue, West Palm Beach.