Vandredi 29 Oktòb 2021
Sipèentandan Mike Burke ap fè nou konnen aktivite ak inisyativ ki te genyen nan distri a pandan semèn nan. Klike la a pou w li tèks mesaj la an kreyòl ak gade videyo mesaj la an anglè.
Manje Nan Bwat Disponib Byen Avan Fèt Aksyondegras
Depatman Manje Lekòl ap distribiye bwat manje gratis depi avan aksyondegras jedi 18 novanm nan de twa lekòl. Si ou vle al chache manje, tanpri ranpli ti ankèt sa a avan premye novanm pou fè konnen konbyen elèv ou ap vin pran manje pou yo epi ki kote. Sonje se moun ki vini anpremye ki ap sèvi jiskaske li fini.
Sipò Disponib Pou Elèv
Ki Gen Disleksi
Disleksi se andikap aprantisaj ki pi komen, epi pandan mwa Oktòb pou Mwa Konsyantizasyon Disleksi a, Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la te travay pou bay kominote a enfòmasyon ak resous ki disponib pou elèv ki gen disleksi.

Parad, Pèfòmans, Pou Klotire Mwa Eritaj Panyòl
Te gen pèfòmans miltikolò ak aktivite akademik nan Lekòl Elemantè New Horizons pou onore divès kilti latino nan kominote a. Elèv nan Lekòl Mwayen Okeeheelee ak Lekòl Segondè John I. Leonard te vizite lekòl elemantè pou fè prezantasyon. Gade videyo a.
Se Ak Tout Fanmi l Li Angaje Nan Anseye
Aileen Flores anseye elèv ki genyen otis nan Lekòl Elemantè Seminole Trails. Li renmen lè pitit pa l vin ede l nan klas li paske sa aprann yo konpasyon ak bonte. Se limenm ki nonmen pwofesè pou semèn nan nan inisyativ "Remèsye Yon pwofesè".
Èv Atizay Rosa Parks Dekore Biwo Santral Distri A

Aktyèlman genyen yon litograf espesyal penti orijinal Rosa Parks nan antre biwo santral distri a kin nan Fulton-Holland Educational Services Center nan West Palm Beach. Tande atis la ki ap eksplike limenm siyifikasyon gwo èv atizay sa a.
Ekspozisyon Lekòl yo se lansman peryòd pou elèv ak paran yo eksplore varyete pwogram Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ofri nan tout nivo klas. Rejyon Palm Beach la genyen plis pase 300 pwogram diferan. Kisa pwogram sa yo ye, epi poukisa elèv ak paran dwe enterese nan yo? Klike la a pou w gade videyo enfòmasyon nou.
Suiv @PBCSDKreyol sou Facebook, Twitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl nan lang Kreyòl Ayisyen.