Madi 19 Novanm 2019
Mesaj Sipèentandan an
Bòn Fèt Aksyondegras

Fèt Aksyondegras ap rive sou nou. Mwen vle remèsye nou pou reyisit Distri a ki se yon Distri Nivo A
Anplis rekonesans mwen genyen pou fanmi m ak manje manman m yo, mwen ap panse tou ak tout bon anplwaye m ap travay ak yo a, ansanm ak elèv nou yo. (Klike la a pou w li plis)
Opsyon pou Vaksen Kont Grip

Malerezman, Healthy Schools, LLC, ki bay vaksen kont grip pou elèv ki nan lekòl nou yo, sispann pwogram vaksen kont grip la pou ane lekòl sa a. Li enpòtan pou paran yo okouran de lòt opsyon kote vaksen kont grip la disponib pou timoun a ba pri oswa gratis. (Klike la a pou w li plis)
Aplike pou Pwogram Ochwa yo

Soti 4 novanm se kòmansman peryòd aplikasyon pou pwogram ochwa yo pou ane 2020-2021. Ou kapab aplike sou entènèt sou www.mypbchoiceapp.com . Dat limit yo ap varye selon pwogram nan. Pou diferan dat limit vizite www.palmbeachschools.org/choiceprograms  
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ap kenbe pwomès li fè moun ki te vote referandòm nan pou ogmante sekirite lekòl, bay resous pou sante mantal, kenbe pwogram atistik yo, edikasyon mizik, ak ogmante salè pwofesè.

Remèsye Yon Pwofesè
Janis Rosencrans

Remèsiman pou pwofesè al jwenn Janis Rosencrans ki genyen 25 ane ap anseye nan Lekòl Mwayen Congress. Li fyè pou l konnen flanbo a deja pase bay pitit fi li ki ap anseye nan Lekòl Segondè Atlantic. 

Ou gen dwa patisipe nan pwogram remèsye yon pwofesè sou paj sa a : palmbeachschools.org/thankateacher

KOMPLIMAN!
NIMEWO ENPÒTAN DISTRI A

Transpòtasyon......................561-357-1110

Operatè Telefòn....................561-434-8000

Pwogram Ochwa..................561-434-8755

Depatman ESE......................561-434-8740

Pwogram Apre Lekòl............561-687-6387

Biwo Sipèentandan..............561-629-8599

Komite Direksyon...................561-357-766