Madi 14 Janvye 2020
KINAN NOU: Pwofil Lidèchip nan Distri a
An n Fè Konesans ak Doktè Wilnic Gideon, Asistan Direktè Lekòl Segondè Santaluces

Li kòmanse karyè li nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la an 2012 kòm pwofesè matematik nan Lekòl Segondè Boca Raton.
Pousantaj Gradyasyon Distri a Toujou Piwo Pase pa Eta Florid la

Pousantaj gradyasyon pou elèv ki nan lekòl Distri a opere nan Rejyon Palm Beach la rete stab, 91.6% pou pwomosyon 2019 la. Dapre done Depatman Edikasyon Florid la
24 Janvye se dat limit pou Aplike pou Pwogram Ochwa yo

Sonje 24 janvye se dat limit pou aplike pou plis pase 300 pwogram ochwa ak karyè nan distri a. Seleksyon yo ap fè avan fen mwa mas apati pwosesis lotri a.

Enfòmasyon sou Resansman 2020 Etazini: Noutout Dwe Konte

Sa fè 24yèm fwa nan istwa peyi Etazini y ap fè yon resansman jeneral. Done resansman an pral detèmine kijan plis pase $675 milya dola nan lajan federal yo pral depanse pou sipòte pwogram eta yo, rejyon yo, ak kominote yo.   (Klike la a pou w li plis)
Enskri Kounye a pou Pran Tès SAT

Pran tès pou rantre kolèj la se yon gwo etap nan planifikasyon fiti w. Genyen yon mwa ki rete pou w enskri pou tès mwa mas la.

Gade videyo sa a pou bon jan enfòmasyon sou tès SAT ak PSAT. 
Opsyon pou Vaksen Kont Grip

Malerezman, Healthy Schools, LLC, ki bay vaksen kont grip pou elèv ki nan lekòl nou yo, sispann pwogram vaksen kont grip la pou ane lekòl sa a. Li enpòtan pou paran yo okouran de lòt opsyon kote vaksen kont grip la disponib pou timoun a ba pri oswa gratis. (Klike la a pou w li plis)
Remèsye Yon Pwofesè

Anplis Sivis ak Istwa Etazini Steve Gordon anseye nan Lekòl Mwayen Western Pines, li anseye konpasyon tou. Li aprann elèv yo anpil pou konprann bezwen moun ki soufri ak maladi dyabèt nan jou konsyantizasyon pou maladi sa a.    

KONPLIMAN!

Patisipe nan pwogram remèsye yon pwofesè sou paj sa a: palmbeachschools.org/thankateacher

NIMEWO ENPÒTAN DISTRI A

Transpòtasyon......................561-357-1110

Operatè Telefòn....................561-434-8000

Pwogram Ochwa..................561-434-8755

Depatman ESE......................561-434-8740

Pwogram Apre Lekòl............561-687-6387

Biwo Sipèentandan..............561-629-8599

Komite Direksyon...................561-357-766