Nan epizòd sa a, Sipèentandan Michael Burke te nan Lekòl Segondè Seminole Ridge ap reponn telefòn antanke yon asistan administratif.
Mesye Burke te ap jwe wòl asistan administratif lekòl la pou jwenn yon apèsi sou konpetans, ak ladrès òganizasyonèl sa mande pou fonksyon enpòtan sa a nan yon lekòl.
âENFĂME Wâ Ap Resevwa Kòm Envite Micheline Monfleury Osijè Enskripsyon Elèv Nan Jadendanfan
Remèsye Yon Pwofesè Kòm Pwofesè Pou Semèn Nan
Shannon Culp se nouvo gayan inisyativ âRemèsye Yon Pwofesèâ nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Elemantè Timber Trace. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a. Li resevwa yon chèk $250 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ âRemèsye Yon Pwofesèâ genyen kòm objektif pou ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li.
Plis pase 1,000 kandida te nan South Florida Fairgrounds nan dat 3 avril la pou patisipe nan Fwa Travay Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la.
Distri a te akeyi moun k ap chèche djòb pou yon varyete pòs nan ansèyman ak pòs ki pa nan ansèyman pandan pii gwo evènman anbochaj li pou ane a.
Patisipe nan Reyinyon Enfòmasyon pou Jadendanfan pou pitit ou ki ap rentre lekòl pou w rankontre anplwaye lekòl ou a, aprann sou kourikoulòm jadendanfan, ak jwenn plis enfòmasyon ankò.
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la pral obsève Jou Pou Mennen Pitit Ou Travay Ak Ou nan dat jedi 25 avril 2024, epi pèmèt elèv K-12 yo akonpaye yon paran oswa yon responsab nan travay ki pa nan distri a.