Distri Lekòl Rejyon Palm Beach ap selebre Mwa Eritaj Ayisyen, yon komemorasyon anyèl ki rekonèt kokennchenn kontribisyon Ayisyen pote nan istwa mond la.
Semèn sa a, n ap onore Mwa Eritaj Ayisyen an ak yon gayan Remèsye Yon Pwofesè ki fyè dèske li se Ayisyen epi ki soti nan yon fanmi pwofesè.
Baker Joseph se yon Pwofesè Atizay nan Lekòl Elemantè Westward. Li sèvi ak atizay pou enspire elèv li yo reyalize potansyèl yo. Gade videyo a.
Elèv Nan Lekòl Segondè Seminole Ridge Bati Nevyèm Kay Pou Habitat for Humanity
Yon fanmi nan Belle Glade resevwa kle nouvo kay yo. Se elèv nan pwogram Akademi Konstriksyon Weitz nan Lekòl Seminole Ridge ki bati l pou inisyativ Habitat for Humanity.