Jedi 4 Jen 2020

Sipèentandan Doktè Fennoy Adrese Sitiyasyon Lanmò George Floyd la nan Reyinyon Komite Distri a
Gade videyo an anglè kote Doktè Donald E Fennoy III ap pale de eksperyans li antanke yon Afriken-Ameriken ki gen rapò ak reyalite sa ki ap pase nan peyi Etazini aktyèlman. (Klike la a pou videyo a.)
Pou w jwenn resous pou pale ak pitit ou sou rasis klike la a...
Kinan Nou: Finalis Pou Pri Pwofesè Eta Florid la Fyè de Eritaj Ayisyen li
Syndie White , pwofesè Distri Lekòl Rejyon Palm Beach pou ane a, nonmen kòm youn nan 5 finalis pou Pwofesè pou Ane 2021 pou tout Eta Florid la.
Madam White se pwofesè nan distri lekòl depi uit ane, senk nan ane sa yo kòm pwofesè matematik, syans, ak syans sosyal.. (Klike la a pou w li plis)
Distribisyon Manje ap Fèt Madi ak Jedi Pandan Vakans Ete a
Distribisyon manje ap kontinye fèt pandan vakans ete a. L ap kòmanse madi 2 jen nan 50 lokal lekòl nan distri a. Apati jedi 4 jen distribisyon an ap fèt nan 52 lokal, de lokal anplis yo se ap Lekòl Mwayen Bear Lakes ak Lekòl Elemantè Pleasant City. Distribisyon yo ap fèt ant 9:00 a.m. epi midi.
Konferans Vityèl Etid Afriken, Afriken Ameriken ak Karayibeyen
Patisipe soti 15 pou rive 17 Jen nan konferans anyèl Etid Afriken, Afriken Ameriken ak Karayibeyen ki ap pale ane sa a de Entegrasyon Etik Afriken, Afriken Ameriken ak Kararibeyen. Ap genyen yon prezantasyon sou Lang ak Kilti Ayisyen.
Gradyassyon Vityèl nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach
Gradyasyon Vityèl yo kòmanse. Nou ap selebre epi onore chak grenn nan 14.000 elèv klas tèminal nou yo an tout sekirite. Fanmi ak zanmi yo kapab gade sou entènèt oswa sou televizyon.
Lokal Distribisyon Manje Pandan Vakans Ete a