Vandredi 9 Avril 2021

Chak vandredi Sipèentandan Doktè Donald E. Fennoy II ap fè w konnen sa k ap pase nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la.


NOUVÈL TOU CHO!!!
Jodi a 9 Avril, Gouvènè Ron DeSantis siyen yon Desizyon Ijans ki pral afekte elèv ki ap pran egzamen Eta Florid yo (FSA), egzamen fen kou yo (EOC), ak elèv ki nan klas k ap gradye ane sa a.Klike la a pou w li plis.
Enskripsyon Kan Ete Ouvri Aktyèlman

Depatman Aprantisaj Pwolonje Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la patwone kan ete ki ofri solèy, bèl souri, ak sekirite. Se pou sa yo se bon kote pou mete pitit ou
. 
Pwogram yo disponib 21 jen pou rive 30 jiyè 2021. Enskripsyon ouvè pou timoun ki gen laj ant 5 ak 12 ane nan plis pase 35 lekòl lekòl primè distri a. Klike la a pou li plis.
Fratènite nan Lekòl Forest Hill Ede Devlope Siksè Akademik

Lekòl Segondè Forest Hill genyen yon gwoup fratènite ki ap ede elèv reyisi akademikman epi vini lidè nan kominote a.

Gwoup Fratènite Beta Chi Lambda fè pati pwogram AVID la ki se yon pwogram preparasyon pou kolèj ki ap ede elèv soti depi klas kindègatenn rive klas douzyèm.
Yon Adolesan Kreye yon Òganizasyon pou Aksyon Jantiyès

Soti nan WPTV - "Working towards a sunnier side / An n Fè Solèy la Briye Plis". Se non òganizasyon Sanjana Balkaran, yon elèv nan Lekòl Segondè Royal Palm, kreye ansanm ak yon patnè li pou kapap reyalize pwojè jantiyès nan kominote a. Klike la a pou w li plis...
Espesyalis medya yo ak lòt moun atravè Distri a toujou sipòte lektè jodi a ki ap vin lidè demen, sitou pandan Semèn Nasyonal Bibliyotèk ki se 4 pou10 Avril. Mèsi pou tout sa ou fè pou elèv nou yo, manm anplwaye parèy ou yo, ak kominote lekòl yo!
Suiv @PBCSDKreyol sou Facebook, Twitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl nan lang Kreyòl Ayisyen.