Madi 3 Mas 2020
Mizajou # 2: Prevansyon ak Preparasyon pou Coronavirus
Premye mas 2020, Gouvènè Ron DeSantis pran Dekrè Egzekitif 20-51 pou deklare Pwotokòl Ijans Sante Piblik ak repons pou Maladi Coronavirus 2019 (COVID-19) pou tout eta a. Aktyèlman pa gen okenn ka Coronavirus nan rejyon Palm Beach la ... (Klike la a pou w li plis)
Jou Pou Li Nan Tout Etazini
Mèkredi 4 Mas se jou yo konsakre pou “Li Nan tout Etazini”. Li enpòtan anpil pou devlope abitid lekti ak pitit ou depi nan nivo lekòl elemantè epi menm avan sa. Tout rechèch montre lekti se fondasyon aprantisay. Genyen plizyè teknik pou fè timoun enterese nan lekti. 
Kòmanse Jounen an ak yon Bon Dejene
Èske w konnen pitit ou kapab manje dejene lekòl chak maten gratis? Depatman Sèvis Manje Lekòl ap selebre Semèn Nasyonal Dejene Lekòl ak yon meni espesyal pou elèv yo.
Sonje pou w bay Opinyon w:
Kesyonè sou Efikasite Lekòl yo, Ankèt pou Paran
Nou vle tande opinyon w. Kesyonè sou efikasite Lekòl yo (SEL/ SEQ) mezire pèsepsyon w osijè efikasite lekòl nou yo.
Kesyonè a bay lekòl yo ak Distri a bon jan enfòmasyon pou yo devlope epi kenbe yon klima pozitif ki bay sipò pou gwo pèfòmans ki se tèm prensipal nan plan estratejik la.
 
KILÈ: Ankèt la ap kòmanse 17 Fevriye epi l ap fini 13 mas
POU KIYÈS ENVITASYON SA A: Paran elèv ki enskri nan lekòl elemantè, mwayen, ak segondè nan distri a.
Sonje: Pa Gen Lekòl 17 Mas
Pa p gen lekòl pou elèv madi ki ap 17 mas 2020 an. Komite Direksyon Distri a fè chanjman nan kalandriye a paske lekòl yo ap gen pou sèvi kòm biwo vòt nan eleksyon ki ap vini yo. Jou a se ap yon jou fòmasyon pwofesyonèl pou anplwaye. Elèv ap tounen lekòl apre vakans prentan 30 mas olye 31 mas. (Klike la a pou wè kalandriye a)
Koze Jèn yo ki ap Ponpe Lafimen an ap Ba w Pwoblèm? Ale Patisipe nan Seminè ki Pral Pale sou sa
Ou dwe konsène. Pousantaj adolesan ak jèn ki ap ponpe lafimen ap ogmante chak jou malgre tout risk sante sa bay.
Seminè a ap fèt jedi 5 mas soti 6:00 pou rive 9:00 p.m. nan Lekòl Segondè Jupiter.
Opsyon pou Vaksen Kont Grip
Malerezman, Healthy Schools, LLC, ki bay vaksen kont grip pou elèv ki nan lekòl nou yo, sispann pwogram vaksen kont grip la pou ane lekòl sa a. Li enpòtan pou paran yo okouran de lòt opsyon kote vaksen kont grip la disponib pou timoun a ba pri oswa gratis. (Klike la a pou w li plis)
Remèsye Yon Pwofesè
LATHERIA STROWBRIDGE

Se pwofesè klas senkyèm nan Lekòl Elemantè Everglades ki genyen plis pase 30 ane nan karyè a. Li kwè depi w genyen anpil sousi pou elèv epi w montre ou renmen yo, w ap kapab fè yo bay sanpousan potansyèl yo. Li se pwofesè ki chwazi pami pwofesè ki jwenn nominasyon nan Remèsye yon Pwofesè chak Jedi. 

KONPLIMAN epi MÈSI !
NIMEWO ENPÒTAN DISTRI A

Transpòtasyon......................561-357-1110

Operatè Telefòn....................561-434-8000

Pwogram Ochwa..................561-434-8755

Depatman ESE......................561-434-8740

Pwogram Apre Lekòl............561-687-6387

Biwo Sipèentandan..............561-629-8599

Komite Direksyon...................561-357-766