Madi 13 Out 2019          
Paj Enfòmasyon
sou Rantre Lekòl
Tout estaf ak anplwaye Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la kontan swete byenvini tout elèv ki ap rantre lekòl ane sa a. Ane sa a pwomèt pou li yon ane eksitan, chaje ak opòtinite, kote elèv pral tabli epi reyalize objektif yo. Men yon lis paj kote w ap jwenn enfòmasyon enpòtan pou elèv ak paran pou nouvo ane lekòl sa a. (Paj yo nan lang anglè ki kapab tradui ak Google).  

Pakou ak Estasyon Bis yo pou Ane Lekòl 2019-2020

Ou kapab mete adrès kay ou ak lekòl pitit ou ale pou w jwenn pakou ak estasyon bis li dwe monte sou adrès entènèt ki anba a.

Enskri pou w Resevwa Mesaj Ijan pou Aktivite Apre Lekòl yo
EZ Texting se yon sistèm efikas ki disponib nan tout lekòl segondè nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Nou ankouraje paran, elèv, ak manm kominote a pou enskri pou resevwa mesaj tèks ijan nan telefòn yo .

Ou Wè yon Bagay, Di yon Bagay, Fè yon Bagay

An kolaborasyon ak Eta Florid la, Distri Lekòl Rejyon Palm Beach ap enplemante yon lòt estrateji pou kenbe pitit ou ansekirite lekòl.
 
Nou ankouraje elèv, paran, manm kominote a, ak estaf distri a pou telechaje Ap ki rele Fortify FL. Se yon zouti pou rapòte aktivite sispèk rapidman bay lapolis ak administratè lekòl yo.  (Klike la a pou w li plis)
Tanpri suiv nou sou platfòm twitter kreyòl la?

Klike la a pou suiv nou sou Twitter @PBCSDKreyol

Twitter se youn nan medya nou itilize pou bay nouvèl ak enfòmasyon ki soti nan distri a.
Preparasyon ak distribisyon Biwo Kominikasyon ak Angajman
Bito David, Editè

pou enfòmasyon kontakte  bito.david@palmbeachschools.org |  561-738-2776  
Dwa Otè © 2018. Tout Dwa Rezève.