9 Fevriye 2026

 
Facebook  Instagram  X  YouTube

Dèyè Badj La: Ajan Polis John Brock

 

Nan seri Dèyè Badj la, nou mete aksan sou gason ak fanm enkwayab ki fè pati Depatman Polis Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Pou epizòd sa a, n ap vizite Ajan Polis John Brock nan Lekòl Segondè Boca Raton.

 

Ajan Polis Brock genyen prèske 10 an depi l ap travay nan Depatman Polis Distri a, tout ane sa yo li pase yo nan Lekòl Segondè Boca Raton. Plizyè dizèn ane eksperyans li pase nan travay sa a pèmèt li genyen yon pèspektiv pi laj sou kominote lekòl li sèvi a.

 

An n fè konesans ak Ajan Polis John Brock.

Devlope Konesans Pitit Ou Nan Lekti

Inisyativ Lekti Nouvo Mond lan la pou amelyore alfabetizasyon lakay elèv nan eta Florid la nan bay fanmi yo zouti pou yo li epi devlope ladrès.

 

Pwogram sa a, leta sipòte a, se Sant Aprantisaj UF Lastinger ki administre li. Li bay liv ak resous gratis pou elèv Florid ki kalifye yo. Yo distribiye liv yo ant mwa oktòb ak jen chak ane lekòl.

 

Chèche konnen si pitit ou a kalifye epi aplike kounye a.

Cynthia Norris Se Nouvo Gayan

Inisyativ Pwofesè Pou Semèn Nan

Miriam Robson se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Elemantè Citrus Cove. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a.

 

Li resevwa yon chèk $500 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li ak devouman li nan travay li. 

 

Klike la a pou gade videyo a.

Felisitasyon Pou Sèvis Kliyantèl:

Monica Ojeda – Manadjè Kafeterya Lekòl Elemantè Frontier

"Monica Ojeda, ki se Manadjè Kafeterya a, fòme anplwaye li yo pou bay yon anviwonnman ki sipòte epi byen pran swen chak elèv.

 

Devouman li pou byennèt elèv yo ak ekselans pwofesyonèl merite felisitasyon ak rekonesans."

 

Nonmen yon moun ki merite felisitasyon pou sèvis kliyantèl.

Prezantasyon Espesyal Lekòl: Lekòl Elemantè Coral Reef

Lekòl Coral Reef gen plis pase de deseni depi li se yon lekòl nivo "A". Anplwaye yo fè plis pase sa yo dwe fè pou enspire aprantisaj, nouri kwasans, epi asire chak timoun santi yo gen valè.

 

Rankontre elèv ak anplwaye Lekòl Elemantè Glade View.

 

• Klas: K-5

• Maskòt: Dofen

• Koulè: Ble ak Ble Pal

 

6151 Hagen Ranch Rd.

Lake Worth, FL 33467

561-804-3700

Prezantasyon Espesyal Lekòl: Lekòl Elemantè Coral Reef

Kesyonè sou Efikasite Lekòl yo (SEQ) pèmèt paran elèv nan Distri a fè konnen opinyon yo.

 

Kesyonè a bay enfòmasyon enpòtan pou lekòl yo ak Distri a pou devlope epi kenbe yon Klima Lekòl Pozitif ak Sipòtif ansanm ak yon Kilti Pèfòmans Ekselan.

 

Kesyonè pou paran yo ouvri kounye a epi li ap fini vandredi 13 fevriye 2026.

 

Klike la a pou w patisipe.

*** Aprann Rekonèt Siy Lawoujòl ****

 

Ka maladi lawoujòl ap ogmante toupatou nan peyi a. Sentòm viris kontajye sa a se yon gwo lafyèv, je wouj, ak yon gratèl ki kòmanse nan limit cheve ak po tèt. Timoun ki montre siy sa yo ta dwe rete lakay yo.

 

Tanpri konsilte yon founisè swen sante pou konsèy. Pou enfòmasyon detaye,

vizite paj entènèt Depatman Sante Florid la.