10 Fevriye 2025

 
Facebook  Instagram  X  YouTube
Resous Pou Fanmi Yo
Kalandriye 2024-2025
Santim Ou Ap Travay

Lèt Siyen, Desizyon Pran


Jounen Nasyonal pou Enskri pou Jwe Yon Espò Nan Kolèj oswa Inivèsite se yon jou espesyal ki chaje ak eksitasyon pou atlèt yo. Distri a swete elèv atlèt li yo anpil siksè nan eksperyans kolèj yo!


Klike la a pou w gade yon rezime jou espesyal sa a.


Frenel Louis Ranpòte Premye Pri Nan Konkou Disètasyon

Frenel Louis, yon elèv Ayisyen nan distri a, ranpòte Pri Konkou Disètasyon Bileng Asosyasyon Nasyonal Edikasyon Bileng. Eksperyans li soti Ayiti ale Chili, ba li opòtinite ekspoze l ak plizyè lang. Li ekri disètasyon li a an anglè ak espanyòl pou klas bileng li nan pwogram Latinos in Action. Li pral patisipe nan konferans Asosyasyon Nasyonal Edikasyon Bileng nan fen Fevriye a pou resevwa prim li.

 

Klike la a pou w li plis.  

Gade Kijan Elèv Distri Yo Ap Onore Mwa Istwa Nwa Ameriken

Òganizasyon "On Their Shoulders, We Stand" (Sou Zepòl Yo Nou Kanpe) te rasanble elèv nan Lekòl Segondè Palm Beach Lakes ak veteran nan kominote Nwa yo pou pataje eksperyans yo te viv nan Rejyon Palm Beach la pandan epòk Jim Crow. Ak istwa yo te rakonte epi kesyon elèv yo, pwogram nan te bay bon jan apèsi istorik sou segregasyon rasyal ak leson enpòtan pou elèv ki te prezan yo.

 

Klike la a pou w gade yon videyo aktivite sa a. 

Tanpri Bay Opinyon Sou Efikasite Lekòl Pitit Ou   

Kesyonè Efikasite Lekòl la (SEQ) bay paran yo, elèv ki nan klas 3yèm rive 12yèm ane, ak anplwaye ki nan lekòl yo yon opòtinite pou yo fè responsab distri a tande vwa yo. Repons nan sondaj SEQ a bay enfòmasyon enpòtan ki ede lekòl yo ak Distri a devlope ak soutni Ekselans ak Kwasans Akademik, ak yon Kilti ki konsantre sou Elèv, ki se tèm santral nan Plan Estratejik distri a.

 

Sondaj la ap fèmen vandredi 14 fevriye 2025 pou paran ak elèv yo.

 

Klike la a pou w patisipe nan sondaj la.

Remèsye Yon Pwofesè Kòm Pwofesè Pou Semèn Nan

Deloris Ivery se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Segondè Boynton Beach. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a.

 

Li resevwa yon chèk $350 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif pou ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li.


Klike la a pou nonmen yon pwofesè!

 

Klike la a pou gade videyo a.

Gade Kijan Elèv Distri Yo Ap Prepare

ďťżPou Yon Karyè Nan Teknoloji   

Fevriye se Mwa Karyè ak Edikasyon Teknik. Elèv yo kontan montre konpetans yo nan domèn teknoloji. Elèv ki soti nan onz lekòl nan distri a patisipe nan Premye Semifinal Anyèl South Florida Minecraft Build Challenge. Konpetitè yo te travay an kolaborasyon pou kreye yon espas vityèl ki teste kapasite yo pou yo travay an ekip, kreyativite yo, ak ladrès yo pou rezoud pwoblèm. Aktivite sa a te fèt nan eSports Complex nan Lekòl Segondè Palm Beach Lakes.

 

Klike la a pou w gade yon rezime aktivite a.