Madi 15 Oktòb 2019
KINAN NOU: Pwofil Lidèchip
An n Fè Konesans ak Manadjè General Carl Boucard   

Carl Boucard se Manadjè Jeneral Antretyen ak Flòt nan Depatman Sèvis Transpòtasyon nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Yon veteran trant-twa ane, li kòmanse kòm chofè bis lekòl nan Distri a an 1986. (Klike la a pou w li plis)
Ou Kapab Chwazi Pwogram Bakaloreya Entènasyonal Depi Nan Elemantè

Nan nivo elemantè Pwogram IB konsantre sou devlopman elèv ak aprantisaj ki ankouraje endepandans, efò akademik, rechèch, kreyativite, ak sitwayènte responsab. (Klike la a pou w li plis)
Tcheke Pwogram Ochwa Yo Pou Pitit Ou Pou Ane K Ap Vini An

Li lè pou w tcheke pwogram ochwa ak akademi karyè pou ane 2020-2021 an. Distri a ofri plis pase 300 opsyon ki disponib pou tout elèv soti nan kindègatenn pou rive klas douzyèm. (Klike la a pou w li plis)
Plis Lekòl Ap Sèvi Dejene nan Charyo Kounye a

Depatman Sèvis Manje nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ajoute 34 charyo manje nan lekòl atravè Distri a.
Remèsye Yon Pwofesè
Frederick Sterling

Direktè Koral nan Lekòl Segondè Boynton Beach High, se pwofesè ki te jwenn vizit sipriz semèn sa a pou nominasyon pou Remèsye yon Pwofesè pou Semèn nan.

KOMPLIMAN!

NIMEWO ENPÒTAN DISTRI A

Transpòtasyon......................561-357-1110

Operatè Telefòn....................561-434-8000

Pwogram Ochwa..................561-434-8755

Depatman ESE......................561-434-8740

Pwogram Apre Lekòl............561-687-6387

Biwo Sipèentandan..............561-629-8599

Komite Direksyon...................561-357-766