Vandredi 25 Mas 2022
Gade Cho Televizyon "Enfòme W"
Pou Semèn Sa a!

Sijè semèn nan se: Wòl Komite Lidè Paran an
ak envite Ronel Blaise.
Ou Kapab Kòmanse Panse Ak Kindègatenn Pou Pitit Ou
Prepare w pou rantre pitit ou nan eksperyans enteresan sa a ki se Kindègatenn. Lekòl Elemantè yo ap fè Reyinyon Enfòmasyon pou Kindègatenn pou ane ki ap vini an pou oryante paran. Klike la a pou w jwenn lekòl pitit ou dwe ale apre klike la a pou jwenn orè Reyinyon pou lekòl la.
Pwofesè Pou Semèn Nan Inisyativ "Remèsye Yon Pwofesè"
Kristen Karvonen, yon pwofesè syans nan klas uityèm, ak Purificacion Ortiz Carmona, yon pwofesè an vizit ki soti Espay, se pwofesè pou semèn nan. Yo ap travay nan Lekòl Mwayen Palm Springs. Yo pasyone nan travay yo. Elèv yo renmen yo.  Gade videyo sipriz la.
Plan Pou Nouvo Lokal Lekòl Segondè Historic Roosevelt
Pwojè Lekòl Segondè Istorik Roosevelt la pral kreye yon sant orijinal pou istwa Nwa nan Rejyon Palm Beach la epi sèvi kòm yon referans pou kominote a. Etablisman an pral bay opòtinite akademik, yon kote pou prezèvasyon atik ak materyèl istorik enpòtan, ak yon espas pou pwogram kominotè yo. Gade mizajou sou gwo pwojè sa a.
Pwogram Akademi Kuizin nan Lekòl Segondè Lake Worth te resevwa vizit Vedèt The Food Network ki fèk vin abite nan zòn nan. Li fè akademi an kado $20.000 nan non Fondasyon Guy Fieri. Gade vizit enteresan sa a.
Suiv @PBCSDKreyol sou Facebook, Twitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl nan lang Kreyòl Ayisyen.