6 Janvye 2026

 
Facebook  Instagram  X  YouTube

“Dèyè Badj La”: Selebrasyon Jou Apresyasyon Polis

 

Pou onore Jou Apresyasyon Polis nan dat 9 janvye a, n ap fè konesans ak gason ak fanm brav nan Depatman Polis Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la nan seri videyo ki rele

 'Dèyè Badj La'.

 

Gade kijan yo fè plis pase sa yo dwe fè pou pwoteje elèv ak anplwaye nou yo.

Elèv Lekòl Elemantè Citrus Cove Yo Amelyore Konpetans Yo Ak Yon Èdtan Nan Entèlijans Atifisyèl

Pandan Semèn Edikasyon Syans Enfòmatik nan kòmansman mwa Desanm nan, elèv yo t ap plonje nan fiti lè yo te montre konpetans yo nan kodaj ak entèlijans atifisyèl.

 

Sa a se jis yon egzanp nan anpil Pwogram Chwa ki santre sou teknoloji ki disponib nan tout Distri nou an.

 

Dat limit pou Aplikasyon Pou Pwogram Chwa pou ane lekòl 2026-2027 la se Vandredi 30 Janvye. Vizite sit entènèt Pwogram Chwa Distri a pou plis enfòmasyon epi pou aplike.

Emily Heuer Se Nouvo Gayan

Inisyativ Pwofesè Pou Semèn Nan

Emily Heuer se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Segondè Park Vista. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a.

 

Li resevwa yon chèk $500 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li ak devouman li nan travay li. 

 

Klike la a pou gade videyo a.

Prezantasyon Espesyal Lekòl: Lekòl Elemantè Palmetto

Lekòl la adopte yon apwòch inovatè nan aprantisaj atravè Pwogram Bakaloreya Entènasyonal li a pou Ane Primè yo.

 

Rankontre elèv ak anplwaye Lekòl Elemantè Palmetto.

 

• Klas: K-5

• Maskòt: Pantè

• Koulè: Ble ak Dore

 

5801 Parker Ave.

West Palm Beach, FL 33405

561-202-0401