21 Janvye 2025

 
Facebook  Instagram  X  YouTube
Resous Pou Fanmi Yo
Kalandriye 2024-2025
Santim Ou Ap Travay

Gade Kijan Otè Liv Sa A Ap Anseye Elèv Yo Enpòtans Pou Yo Konprann Istwa

 

Lois Lowry, otè renome "The Giver," "Number the Stars," ak anpil lòt liv nou renmen anpil, te vizite Lekòl Elemantè New Horizons. Pandan vizit li a, Madam Lowry te konsantre sou "Number the Stars," istwa pwisan ki te genyen prim sou kouraj ak rezistans pandan Olokòs la. Evènman sa a te finanse jenerezman pa inSIGHT Through Education.

 

Klike la a pou w gade yon rezime evènman enpòtan sa a.

Fondasyon Edikasyon An Genyen Nouvèl Enteresan    

Nan dat 16 janvye, lidè distri yo ak manm Komite Direksyon Distri a, te rejwenn Fondasyon Edikasyon nan Rejyon Palm Beach nan inogirasyon nouvo katye jeneral yo. Etablisman modèn sa a ki gen 32.000 pye kare genyen biwo pwogram yo, yon depo, ak Lokal Ekspozisyon Red Apple Supplies. Li pral yon sant pou ekselans nan edikasyon ak inovasyon ki asire bon jan kalite edikasyon piblik ak sipò pou elèv ak pwofesè nan tout Distri a.

 

Klike la a pou w wè foto jou espesyal sa a.

Kobra Yo Ap Selebre 20 Ane Siksè Nan Edikasyon   

Bon 20yèm anivèsè Lekòl Segondè Park Vista! Kominote Park Vista dènyèman te fè yon seremoni selebrasyon pou make de deseni gwo siksè akademik. Evènman an te prezante ansyen elèv yo, fanfa lekòl la, majorèt yo, ak anpil souvni ki make lekòl la. Distri a swete Cobra Nation yon lòt 20 ane siksè nan edikasyon.

 

Klike la a pou w gade yon rezime evènman espesyal la.

Remèsye Yon Pwofesè Kòm Pwofesè Pou Semèn Nan

Katherine Thompson se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Elemantè Del Prado. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a.

 

Li resevwa yon chèk $350 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif pou ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li.


Klike la a pou nonmen yon pwofesè!

 

Klike la a pou gade videyo a.

Èske W Enterese Nan Pwogram Edikasyon Stil Montessori? 

Èske w konnen Distri a gen 2 Pwogram Montessori? Lekòl Elemantè S. D. Spady ak Lekòl Elemantè Northboro se de pwogram Montessori Magnet nan Distri a ki ouvè pou tout elèv kòmanse a laj 3 zan. Fanmi ki enterese nan pwochen ane eskolè a dwe aplike pandan peryòd aplikasyon an ki ap fèmen vandredi 31 janvye 2025.

 

Klike la a pou aprann plis ak/oswa pou w enskri jodi a.

 

Klike la a pou w gade videyo a.

Nou Vle Tande Opinyon W 

Kesyonè Sou Efikasite Lekòl Yo (SEQ) bay paran, elèv ki nan klas 3yèm rive 12yèm ane, ak anplwaye ki nan lekòl yo yon opòtinite pou yo bay distri a opinyon yo. Repons nan kesyonè sa a ap bay enfòmasyon enpòtan ki ap ede lekòl yo ak Distri a devlope ak soutni Ekselans ak Kwasans Akademik, ak yon Kilti ki konsantre sou Elèv, ki se tèm santral nan Plan Estratejik la.

 

Sondaj la ap rete ouvè jiska vandredi 14 fevriye 2025 pou paran ak elèv.

 

Klike la a pou w patisipe.