25 Out 2025

 
Facebook  Instagram  X  YouTube

"Remèsye yon Pwofesè" Retounen Pi Djanm Pase Avan

 

Kanpay "Remèsye yon Pwofesè" Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la se yon fason pou selebre edikatè yo epi montre apresyasyon pou travay enpòtan y ap fè nan edikasyon timoun nou yo.

 

Gras a yon donasyon jenere nan men HCA Florida Healthcare, pwofesè ki genyen an ap resevwa yon chèk $500 chak semèn. Asire w ou nonmen pwofesè ou pi renmen an epi mete l nan lis moun ki gen chans pou genyen "Remèsye yon Pwofesè".

 

Gade videyo pwomosyonèl kanpay "Remèsye yon Pwofesè" 2025-2026 la.

Polis Distri A Ankouraje Sekirite Bisiklèt

Ak Kas Gratis Pou Elèv Yo

Sekirite lekòl la se priyorite nimewo 1 pou Distri a. Depatman Polis Distri a mete tèt ansanm ak lòt ajans polis lokal yo pou gaye mesaj sa a.

 

Yo te bay kas bisiklèt ak enfòmasyon sou sekirite gratis bay elèv nan lekòl nan tout Distri a.

 

Yon gwo mèsi pou ajan polis nou yo ak patnè kominotè yo ki te montre nou sekirite afè noutout ansanm!


Klike la a pou w gade videyo a.

Sipèentandan Burke Detaye Priyorite Distri A

Nan Yon Evènman Anyèl

Soti nan WPBF — Pandan elèv nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la t ap klotire dezyèm semèn lekòl yo, Sipèentandan Mike Burke te prezante priyorite distri a pou ane lekòl la pandan Dejene Rantre Lekòl Chanm Komès Palm Beach North la te òganize nan dat 21 out nan PGA National Resort nan Palm Beach Gardens.

 

Li plis sou pèspektiv ane lekòl la.

Estajyè Pandan Ete Yo Pran Eksperyans

Pou Karyè Yo Alavni

Distri a te akeyi plizyè douzèn estajyè pandan ete a nan plizyè depatman yo.

 

Elèv lekòl segondè sa yo ak nouvo gradye yo te touche yon chèk pandan y ap aprann tout ti detay operasyon chak jou nan Distri a.

 

Pwogram Estaj pandan ete Distri a se yon bon fason pou ekspoze elèv yo a anpil opòtinite travay ki disponib nan Distri "A" nou an!

 

Klike la a pou w gade videyo a.