Lè ou ale nan yon jwèt foutbòl nan yon lekòl segondè, gen anpil chans ou pa peye anpil atansyon pou konnen kisa k ap pase nan seksyon laprès la. Men, nan Lekòl Segondè Forest Hill nan West Palm Beach, espri ekip lekòl la se rezilta sa k ap pase nan seksyon laprès la. Chak jwèt, ekip la sou teren an, fanfa a pare pou jwe, majorèt yo ap chofe foul moun yo, epi Freddy The Falcon, ak mikwo li ap anime.