23 Fevriye 2026

 
Facebook  Instagram  X  YouTube

Semèn Lekòl Piblik 2026

 

Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ansanm ak tout distri nan eta Florid la ap selebre Semèn Lekòl Piblik nan dat 23 pou rive 27 fevriye.

 

N ap remèsye tout kominote Rejyon Palm Beach la pou sipò yo bay Distri Lekòl la ki klase nivo "A". Pandan tout semèn nan, n ap onore vedèt Distri yo ki se elèv enkwayab yo, anplwaye devwe yo, ak fanmi ki bay sipò yo.

 

Suiv Distri a sou X, Facebook ak Instagram. N ap fè piblikasyon chak jou pou rekonèt epi selebre enpak edikasyon piblik nan kominote nou an.

Kanè Dezyèm Trimès Pou Elèv Lekòl Elemantè Disponib Nan SIS Gateway

Kanè dezyèm trimès pou elèv nivo elemantè disponib kounye a sou Sistèm Enfòmasyon Elèv (SIS) la ki rele SIS Gateway.

 

Si w pa genyen yon kont pou rantre nan sistèm nan? Aprann kijan pou kreye yon kont pou SIS Gateway epi jwenn aksè nan nouvo Portal Paran an ki mete tout enfòmasyon ou bezwen yo yon sèl kote.

 

Gateway a bay aksè a tout enfòmasyon pou elèv yo, tankou orè, nòt, disiplin, prezans, elatriye.

Redekouvri Lekti An 2026

"Redekouvri Lekti" se yon inisyativ Sistèm Bibliyotèk Rejyon Palm Beach la ki dire tout yon ane. Inisyativ sa a vle ede kominote a rekonekte ak lekti kòm yon aktivite rekreyatif ak pou plezi.

 

Objektif pwogram nan se rann bibliyotèk la pi aksesib epi pi atiran pou tout lektè, nouvo ak ansyen, epi moun ki gen kiryozite yo.

 

Nenpòt moun ki abite nan Rejyon Palm Beach la kapab aplike pou yon kat Bibliyotèk gratis sou entènèt oswa nan bibliyotèk yo pi pito a. 

Felisitasyon Pou Sèvis Kliyantèl: Susan Mastrangelo

Asistan Sekretè Biwo Nan Lekòl Elemantè S. D. Spady

"Li se kè biwo Spady a, li tabli yon estanda eksepsyonèl pou kominote lekòl la.

 

Angajman li pou sèvis kliyantèl depase pwofesyonalis. Li bay yon akèy pèsonèl pou tout vizitè lekòl yo.

 

Atitid sa a montre kijan lekòl devwe pou byen sèvi paran ak elèv."

 

Nonmen yon moun ki merite felisitasyon pou sèvis kliyantèl.

Prezantasyon Espesyal Lekòl:

Lekòl Elemantè Golden Grove

Y ap aprann epi grandi chak jou, ini ak paran yo ak kominote a. N ap fòme elèv pou vini sitwayen responsab, ki respekte moun, ki konn li ak ekri, epi pwodiktif nan sosyete a.


Rankontre elèv ak anplwaye Lekòl Segondè Elemantè Golden Grove.


• Klas: K-9

• Maskòt: Aligatò

• Koulè: Vèt ak Lò


5959 140th Ave. N.

West Palm Beach, FL 33411

561-904-9700


Patisipe Nan Konkou Redaksyon America250FL La Pou Selebre 250yèm Anivèsè Etazini

Konkou Redaksyon America250FL la ouvè pou tout elèv ki ale nan nenpòt lekòl Florid ki nan klas 6yèm jiska 12yèm ane (lekòl piblik, endepandan, prive, adomisil, oswa vityèl). Y ap chwazi uit gayan (twa elèv lekòl mwayen ak senk elèv lekòl segondè), epi chak gayan ap resevwa yon bousdetid.

 

Patisipan yo genyen jiska 5è aprèmidi lendi 16 mas 2026 pou soumèt redaksyon yo.

 

Klike la a pou plis enfòmasyon ak kijan pou w patisipe.