Madi 5 Novanm 2019
Nou nan Peryòd Aplikasyon pou Pwogram Ochwa yo

Depi yè lendi 4 novanm se kòmansman peryòd pou aplike pou pwogram ochwa pou ane 2020-2021 sou www.mypbchoiceapp.com.
Dat limit yo ap varye selon pwogram nan. Pou diferan dat limit yo, vizite www.palmbeachschools.org/choiceprograms
Pale ak Pitit ou Sou Pratik Alèt Wouj

Lwa sou Sekirite ki rele Marjory Stoneman Douglas Public Safety Act mande pou lekòl yo fè pratik Alèt Wouj Lekòl Lòk yon fwa pa mwa epi pare pou ka ijan.   (Klike la a pou w li plis)
Pwogram Diplòm Bakaloreya Entènasyonal la Ouvri Lemond Bay Elèv yo
Pwogram Diplòm Bakaloreya Entènasyonal la se yon pwogram avanse ki byen balanse ki prepare elèv nan klas 11yèm ak 12yèm pou byen patisipe nan mond globalizasyon rapid la epi pou reyisi nan kolèj ak karyè. (Klike la a pou li plis)
Nou Genyen 82 ‘Lekòl Senk Etwal’

Katrevende lekòl nan distri a jwenn kalifikasyon “Lekòl senk Etwal” pou ane 2018-19 la. Lekòl sa yo genyen bon fonksyonnman nan: Patnèchip ak Biznis, Angajman Fanmi, Volontarya, Sèvis Kominotè, ak Komite Konsèy Lekòl. 

Remèsye Yon Pwofesè
Katie Judge

Katie Judge, nan Palm Beach Public, se pwofesè elèv ki rele Alex onore pou fason li ankouraje potansyèl li malgre li genyen pwoblèm vizyon. 
KONPLIMAN!
NIMEWO ENPÒTAN DISTRI A

Transpòtasyon......................561-357-1110

Operatè Telefòn....................561-434-8000

Pwogram Ochwa..................561-434-8755

Depatman ESE......................561-434-8740

Pwogram Apre Lekòl............561-687-6387

Biwo Sipèentandan..............561-629-8599

Komite Direksyon...................561-357-766