Madi 6 Jiyè 2021
12 Jiyè Pòtal Distri a ap Ouvri Pou Enskri Pou Transpòtasyon
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la egzije pou tout elèv ki pral itilize transpòtasyon nan bis yo pou ane lekòl 2021-2022 an enskri nan Depatman Transpòtasyon an. Sa a pèmèt elèv la deja anrejistre nan pakou yon bis. Klike la a pou w li plis.


Elèv nan klas senkyèm ak uityèm nan Lekòl Elemantè Hidden Oaks vle fè pase yon mesaj bonte pou tout kominote a. Yo desinen miray nan lekòl la ak bèl penti, bèl koulè, diferan fòm pou enspire tout moun.
Nouvo Gradye yo Envite Pou Enskri Gratis Pou Pwogram Metye
Depatman Edikasyon Adilt Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ap òganize de jounen enfòmasyon ak enskripsyon espesyal pou elèv ki fèk gradye ak sa ki resevwa diplòm GED yo pou aprann plis sou pwogram metye nan North Tech ak West Tech.
Depatman Transpòtasyon Ap Anboche Chofè Bis 12 Jiyè
Depatman Transpòtasyon Distri Lekòl Rejyon Palm Beach ap òganize yon jounen anbochaj pou chofè bis Lendi 12 jiyè soti 9:30 nan maten pou rive 2:00 nan apremidi nan lokal ki nan 3376 Summit Blvd nan West Palm Beach. Klike la a pou w li plis.
Vaksen Disponib Pou Elèv Pou Reouvèti Lekòl
Vaksen disponib pou elèv kindègatenn, klas setyèm, ak nouvo elèv ki ap rantre lekòl nan Rejyon Palm Beach la. Y ap jwenn opòtinite pou pran vaksen nan Sant Akèy Distri a chak mèkredi.
Prepare w Pandan Vakans la
Fè aktivite pou w pa fè bak akademikman. Vizite paj sa a.

Kontinye devlope ladrès sosyal ak emosyonèl ak aktivite sa yo.
Men de twa konsèy pou elèv ki vle aplike pou travay pandan vakans la, oswa prepare pou rantre kolèj.
Distribisyon Manje Gratis Pandan Vakans la
Sèvis Manje Manje Lekòl la ap kontinye distribye manje gratis pandan vakans ete a apati madi 22 jen nan plizyè lokal. Y ap ajoute plis lokal lendi 28 jen. Tout sit ki gen lekòl pandan vakans oswa kan ete yo ap ouvri pou distribiye manje. Klike la a pou w li plis.
Suiv Medya Sosyal Kreyòl Distri a Pou Enfòmasyon
Suiv medya sosyal Kreyòl Distri a pou montre enpòtans lang Kreyòl Ayisyen ak nesesite pwogram bileng Kreyòl/Anglè nan distri a tankou pwogram Panyòl/Anglè yo. Gen TWITTER, FACEBOOK, INSTAGRAM. Suiv nou sou @PBCSDKreyol.