Madi 12 Me 2020
Me se Mwa Eritaj Ayisyen
Mwen rele SABRA LAMY . Mwen mete rad koulè Ayiti ak fyète. Mwen nan klas senkyèm nan Lekòl Elemantè North Grade. Mwa Eritaj Ayisyen se mwa selebrasyon kilti n, istwa, ak kontribisyon ayisyen.
Voye foto pitit ou ki gen fyète nan kilti l bay bito.david@palmbeachschools.org
pou nou mete sou paj twitter kreyòl nou. Suiv nou sou Twitter @PBCSDKreyol.

Selebre Pwomosyon 2020 an
Gradyasyon vityèl ap kòmanse semèn 26 me pou 14,000 elèv nan klas tèminal nan distri a. Nou konnen se pa gran selebrasyon pwomosyon 2020 an t ap reve a pou siksè akademik yo, se pou sa n ap mande tout moun pou sipòte yo sou medya sosyal yo. Mete foto yo nan ankadreman nou genyen pou sa pandan semèn 18 pou rive 23 me.
7yèm Semèn Aprantisay Adistans
Nan setyèm semèn Aprantisay Adistans la modòd la se: Jesyon Pèsonèl Apati Aprantisay Adistans . Elèv yo dwe aprann jere emosyon yo, panse yo, ak konpòtman yo nan diferan sitiyasyon, pou byen jere strès ak kontwole kòlè yo pandan y ap motive tèt yo. Liy Enfòmasyon sou Sante Mantal pou Elèv se 561-432-6389.

Selebre Anplwaye Pèfòman nou yo
Sipèentandan Doktè Fennoy ap onore Pwofesè pou Ane a ki se yon ayisyèn ak Anplwaye sipò pou ane a jedi 14 Me soti 3 p.m. pou 4 p.m. Gade andirèk sou Comcast Kanal 235 oswa sou entènèt la...
Enskri Pitit ou Alavans nan Kindègatenn
Si ou gen yon timoun ki gen senk an nan dat 1ye septanm 2020 oswa anvan sa, ou kapab enskri l alavans nan kindègadenn.
Enfòmasyon sou Gradyasyon
Distri a devlope yon paj pou bay enfòmasyon sou òganizasyon gradyasyon vityèl yo. Y ap menmjan ak fòma seremoni gradyasyon tradisyonèl yo. Distri a ap suiv sitiyasyon an pou konnen si lekòl yo ap kapab kowòdone aktivite pou onore elèv yo pandan ete a.
Nouvo Orè Distribisyon Manje pou Rès Mwa Me a.
PODY ÒM MWA ERITAJ AYISYEN
Mwen rele CLERF COURAGE . Mwen reprezante Anprè Jean Jacques Dessalines. Mwen kanpe ak sòlda mwen Leo and Jose. Nou se elèv Lekòl Elemantè Palm Springs.
NIMEWO ENPÒTAN DISTRI A

Transpòtasyon......................561-357-1110

Operatè Telefòn....................561-434-8000

Pwogram Ochwa..................561-434-8755

Depatman ESE......................561-434-8740

Pwogram Apre Lekòl............561-687-6387

Biwo Sipèentandan..............561-629-8599

Komite Direksyon...................561-357-766