4 Mas 2024
Elèv Ap Fè Eksperyans Aprantisay Pratik

Kòm yon pati nan Plan Estratejik Distri a, tout elèv klas senkyèm, setyèm, ak 10yèm ane gen opòtinite ane lekòl sa a pou yo ale nan yon pwomnad pou eksplore atizay, syans, lanati, istwa, syans sosyal, oswa sivik. Distri a planifye pou l kontinye devlope inisyativ sa a pou l ofri eksperyans kominotè pou elèv ki nan lòt nivo klas yo alavni. Klike la a pou w aprann plis sou Plan Estratejik Distri a.

“ENFÒME W” Ap Resevwa Kòm Envite Margueline Rimpel Ki Ap Bay Enfòmasyon Pou Paran Sou SIS Gateway
Se Dènye Wonn Final Chanpyona Akademik 2024 La!
Gade Ki Lekòl Ki Chanpyon
Yo te teste konesans elèv yo nan yon tounwa rapid sou divès matyè akademik. Premye sis elèv ki gen pi gwo nòt nan ekip ki genyen an ap reprezante Distri Lekòl Palm Rejyon Beach la nan Universal Studios nan Orlando Avril sa a. Lekòl sa yo ap fè konpetisyon pou chanpyona a:

A.W. Dreyfoos School of the Arts
Lekòl Segondè Boca Raton
Lekòl Segondè West Boca
Lekòl Segondè Spanish River
Lekòl segondè William T. Dwyer
Lekòl Segondè Olympic Heights

Remèsye Yon Pwofesè Kòm Pwofesè Semèn Nan
Michael Gallo se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Mwyen Independence. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a. Li resevwa yon chèk $250 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif pou ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li.

Elèv Kòmanse Kreyativite Yo Ak Talan Atistik Yo
Atravè Penti Nan Lari 
Elèv atis nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la patisipe nan 30yèm festival penti anyèl nan dat 24-25 fevriye, kote yo montre talan atistik apati kolaborasyon ant yomenm.

Elèv Ap Fè Travay Kominotè Volontè 
Elèv, pwofesè, ak administratè yo reyini ansanm atravè Project Uplift pou travay pou kominote a nan netwaye katye lokal yo.

Se Edwin Ferguson, manm Komite pou Distri 7 la ak Omega Psi Phi Fraternity, ansanm ak vil West Palm Beach ki òganize Project Uplift la.

Istwa Siksè Elèv Atlèt Ki Soud Yo Pote Gwo Enspirasyon

Si ou ale nan yon match baskètbòl nan Lekòl Segondè John I. Leonard, elèv nevyèm ane, Lovinske Louis, ak majorèt klas tèminal, Gaenia Bertrand, sanble ak nenpòt lòt elèv atlèt, men istwa yo pa menm ak yon istwa nòmal.

"Mwen pa kapab tande mo yo oswa aplodisman yo, kidonk mwen dwe kapab wè tout majorèt  yo pou mwen kapab senkronize ak yo," Bertrand di.

"Nan baskètbòl jiskaprezan, mwen te gen anpil sipò. Antrenè mwen yo te aprann lang siy ameriken, kidonk sa te ede m anpil nan ekip la," Louis di.

Louis ak Bertrand toude fèt soud epi yo te grandi nan zòn riral Ayiti ki pa te geyen aksè ak edikasyon pou aprann lang siy ak itilize entèprèt. De elèv sa yo pa fanmi, men toude vin nan rejyon Palm Palm Beach kote y ap byen evolye nan Lekòl Segondè John I. Leonard kote genyen resous ak entèprèt aplentan nan klas la ak sou teren espò yo.

PWOGRAM PEYE KOLÈJ ALAVANS

Pwogram Peye Kolèj Alavans nan eta Florid se yon avantaj pou paran. Tanpri pran avantaj opòtinite sa a.
Depi 10 ane se plan ki genyen pri ki pi ba. Plis pase 1.2 milyon fanmi nan eta Florid ap benefisye opòtinite sa a.