Vandredi Premye Oktòb 2021
Sipèentandan Mike Burke ap fè nou konnen aktivite ak inisyativ ki te genyen nan distri a pandan semèn nan. Klike la a pou w li tèks mesaj la an kreyòl ak gade videyo mesaj la an anglè.
Gade Cho Televizyon Nou "Enfòme W" Pou Semèn Sa a!

"Enfòme w" se vèsyon videyo bilten enfòmasyon nou chak semèn.
Nan emisyon sa a n ap pale de nouvo Règleman COVID-19 ak tretman antikò.
Enfòmasyon Sou Èd Finansye Pou Elèv

Apati lendi 4 oktòb ap genyen ekspozisyon vityèl kolèj ak karyè pou bay elèv ak fanmi yo tout enfòmasyon yo bezwen pou kòmanse eksperyans lavi a apre timoun yo fin gradye lekòl segondè. W ap kapab konnen kijan pou w kominite ak yon reprezantan kolèj pou w pose tout kesyon ou kapab genyen.

Remèsye Jeran Lekòl Yo Ki Ap Travay Di Anpil
Jeran bilding nou yo toujou ap travay di anpil pou kenbe lekòl yo ak tout bilding yo pwòp. Men elèv ak estaf yo depann de yo tou pou kenbe bilding yo an sekirite. Samdi 2 Oktòb se Jou pou Apresye Travayè sa yo. Sonje di yo mèsi lè ou kwaze ak yo.

N ap anplwaye moun pou travay pou pwòpte lekòl yo. Aplike la a.
Yon Jou Espesyal Nan Lekòl Elemantè Crystal Lakes
Elèv nan Lekòl Elemantè Crystal Lake di pwofesè yo, Tina Day, ba yo amizman epi fè lekòl la enteresan pou yo. Semèn sa a yo te vote li kòm pwofesè ki merite remèsiman. Gade videyo selebrasyon an. Madam Day resevwa $100 prim esponnsò yo bay.

$175,000 Pou Pwojè Espesyal Pwofesè
Fondasyon Edikasyon Rejyon Palm Beach la bay finansman pou pwofesè. $175.000 antou, se kantite lajan ki pral pataje ant pwofesè yo pou reyalize pwojè akademik ak lòt inisyativ nan klas yo.

Patisipasyon Elèv Nan Ekspozisyon Atizay
Elèv Akademi Entènasyonal Panyòl nan Lekòl Segondè John I. Leonard High pral itilize ladrès yo nan atizay ak nan plizyè lang pou ede vizitè nan Norton Museum of Art pandan ekspozisyon Frida Kahlo, Diego Rivera.
Oktòb se Mwa Nasyonal Direktè Lekòl! Nou rekonèt gwo wòl direktè ak direktris yo jwe nan lekòl nou yo. Pou direktè lekòl segondè William T. Dwyer, Corey Brooks, sa vle di sèvi manje nan kafeterya yon jou.  Gade istwa a ki te nan WPTV.
Suiv @PBCSDKreyol sou Facebook, Twitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl nan lang Kreyòl Ayisyen.