10 Mas 2025

 
Facebook  Instagram  X  YouTube
Resous Pou Fanmi Yo
Kalandriye 2024-2025
Santim Ou Ap Travay

Elèv Antreprenè Patisipe Nan “Shark Tank”

 

Elèv nan Akademi Preparatwa Finans nan Lekòl Mwayen Watson B. Duncan fè eksperyans konstwi yon plan biznis depi nan baz li. Yo te kreye yon pwodwi ki pa egziste, bati yon konpayi apati pwodui sa a, epi eseye vann yon pati nan konpayi an bay yon panèl jij. Kreyativite yo ak travay di yo te briye pandan elèv yo te aprann ladrès nan maketing ki kapab ede yo nan pwochen karyè yo.

 

Klike la a pou w gade yon rezime evènman an enteresan sa a.

Reginald Jeudy, Direktè Lekòl South Intensive, Resevwa Pri Lidèchip Pou Ane 2024-2025 La

Yon natifnatal Ayiti, Reginald Jeudy, Direktè South Intensive Transition School, resevwa Prim Lidèchip Direktè pou ane 2024-2025 la Òganizasyon TaxWatch bay chak ane. Li se youn pam 15 direktè nan tout eta a ki resevwa pri sa a. Pri sa a rekonèt lidè edikasyon k ap pote chanjman enpòtan nan lavi elèv, pandan y ap pataje pratik edikasyon ak kòlèg yo.



Klike la a pou w li plis.

Make Kalandriye Ou Pou Enskripsyon Jadendanfan

Si pitit ou a ap gen senkan nan dat 1ye septanm 2025 oswa avan sa, sonje patisipe nan reyinyon enfòmasyon pou jadendanfan nan lekòl ki nan zòn ou an pandan semèn 7 avril la pou rankontre pèsonèl lekòl la, aprann sou kourikoulòm jadendanfan, konprann kijan yo pral akeyi ak nouri pitit ou a, ak plis ankò.


Klike la a pou w jwenn dat ak lè pou reyinyon lekòl ou a.


Klike la a pou w aprann plis sou enskripsyon nan jadendanfan.

Florida Power & Light Sipòte Gwo Renovasyon Nan Salklas

Conservatory School @ North Palm Beach ap selebre yon nouvo espas aprantisaj gras ak yon sibvansyon jenere konpayi Florida Power & Light. FPL bay lekòl la yon sibvansyon $50,000 STEM pou renovasyon salklas. Pwofesè Todd LaVogue ak Kristin Delatorre te fè nou vizite nouvo salklas yo, epi fè nou konnen kisa nouvo teknoloji sa yo reprezante pou elèv yo.

 

Klike la a pou w gade videyo a.

Lekti Se Plezi Pou Tout Moun. Gade Kijan Elèv Distri Yo Te Selebre Jounen Lekti Nan Etazini  

Lekòl nan tout Distri a te òganize aktivite "Read Across America", kote envite espesyal tankou ajan Biwo Cherif Rejyon Palm Beach la ak chen terapi K-9 yo te vizite klas yo pou pataje eksitasyon nan rakonte istwa epi ankouraje timoun ak adolesan plonje nan lekti. Elèv nan Lekòl Elemantè Equestrian Trails te kontan selebre jou espesyal sa a.

 

Klike la a pou w gade videyo a.

Remèsye Yon Pwofesè Kòm Pwofesè Pou Semèn Nan

Adriana Castilla se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Elemantè Gove. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a.

 

Li resevwa yon chèk $350 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif pou ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li ak devouman li nan travay li.


Klike la a pou nonmen yon pwofesè!

 

Klike la a pou gade videyo a.

Lekòl Dr. Joaquin Garcia Resevwa Yon Kado Espesyal Nan Men Atis Luis Montoya

Lekòl Segondè Dr. Joaquín Garcia dènyèman fè yon seremoni dedikasyon pou non Depatman Atizay Vizyèl la pou onore yon atis lokal ekstraòdinè, Luis Montoya. Pandan selebrasyon sa a, Luis te devwale bèl eskilti atizay li te kreye pou lekòl la, ki chita nan lakou a ak andedan bilding atizay la. Luis Montoya se yon atis Panyòl klasik ki te fonde estidyo eskilti li nan West Palm Beach an 1970. Travay eksepsyonèl li ekspoze nan tout mond la, epi kounye a, ak fyète sou kanpis sa a. Li ap pote lajwa ak enspirasyon pou ane k ap vini yo.

 

Klike la a pou w gade inogirasyon an.