7 Avril 2025

 
Facebook  Instagram  X  YouTube
Resous Pou Fanmi Yo
Kalandriye 2024-2025
Santim Ou Ap Travay

7-11 Avril 2025 Se Semèn Oryantasyon Pou

Paran Elèv Jadendanfan

 

Si pitit ou ap gen senkan nan dat 1ye septanm 2025 oswa anvan sa, asire w ou ale nan jounen oryantasyon nan lekòl li prale a pandan semèn 7 pou rive 11 avril 2025 pou rankontre anplwaye lekòl la ak pwofesè yo, aprann sou kourikoulòm jadendanfan, konprann kijan yo pral akeyi ak nouri pitit ou a, ak plis ankò.

 

Klike la a pou aprann plis ak/oswa enskri sou Entènèt pou jadendanfan.

 

Klike la a pou w konnen ki jou ki ap genyen oryantasyon

ďťżnan lekòl pitit ou dwe ale a. 

Sipèentandan Burke Ap Mete Men Nan Pat La:

Edisyon Fèm Agrikòl

Nan nouvo epizòd sa a Sipèentandan Mike Burke akonpaye elèv nan Lekòl Mwayen Lake Shore ak ekip Sèvis Manje Lekòl la pou al vizite Fèm R.C. Hatton nan Pahokee. Nan vizit sa a elèv yo jwenn konesans sou kote manje y ap manje soti ak ki pakou yo fè soti nan fèm agrikòl la pou rive sout tab pou manje.

 

Klike la a pou w gade yon rezime aktivite enteresan sa a. 

Kanè Lekòl Disponib Kounye A

Kanè twazyèm trimès yo disponib kounye a nan pòtal Sistèm Enfòmasyon Elèv la (SIS) pou elèv lekòl mwayen ak segondè.

 

Klike la a pou w konekte nan pòtal SIS la.

 

Jwenn enfòmasyon dènye minit sou elèv yo, nòt, prezans, kondisyon gradyasyon, ak plis ankò nan SIS Gateway.

 

Klike la a pou chache konnen kijan pou enskri.

Remèsye Yon Pwofesè Kòm Pwofesè Pou Semèn Nan

Edwin Afamefuna se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Mwayen Bear Lakes. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou anons sa a.

 

Li resevwa yon chèk $350 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif pou ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li ak devouman li nan travay li.


Klike la a pou nonmen yon pwofesè!

 

Klike la a pou gade videyo a.

Pi Gwo Fwa Travay Distri A Madi 8 Avril

Madi 8 avril 2025 distri a ap òganize yon gwo Fwa Travay nan South Florida Fairgrounds nan West Palm Beach soti 11 a.m. rive 2 p.m. Nan fwa sa a tout 182 lekòl ak depatman ki fonksyone sou lobedyans Distri a ki gen pòs ki vid nan domèn ansèyman ak lòt domèn ankò pou ane eskolè ki ap vini an ap la pou rekrite anplwaye.

 

Ou gen dwa vini san enskri, men nou ankouraje moun enskri.

 

Klike la a pou w enskri epi aprann plis.

Enskripsyon Pou Pwogram Apre Lekòl Ouvri 15 Avril

Pou ane eskolè 2025-2026 ki ap vini an, enskripsyon pou pwogram apre lekòl Distri a pou elèv ki ap rantre nan jadendanfan rive sou elèv klas 5yèm ane ap kòmanse madi 15 avril 2025 a 6 p.m.

 

Paran yo kapab enskri pou yon pwogram apre lekòl lè yo vizite pòtal enskripsyon sou Entènèt la ki rele Eleyo pou soumèt yon demann enskripsyon pou pwogram apre lekòl. Ou kapab mande enskripsyon pou tout nivo klas yo.

 

Klike la a pou w aprann plis.

Pwofesè Distri Yo Kontinye Tradisyon Ekselans Nan Lis Finalis Prim Dwyer

Konsèy Ekonomik Rejyon Palm Beach, Inc. nonmen finalis pou 41yèm Prim Anyèl William T. Dwyer pou Ekselans nan Edikasyon. Yon fwa ankò ane sa a, tout 28 finalis yo soti nan lekòl distri a. Finalis yo pral patisipe nan yon tou final ki pral gen ladan l yon entèvyou anfas yon panèl lidè biznis nan Rejyon Palm Beach la. Y ap anonse ak onore sèt gayan yo nan yon seremoni 5 me 2025 nan Kravis Center for the Performing Arts.

 

Klike la a pou w wè lis finalis yo.