Vandredi 11 Jen 2021
Mesaj Sipèentandan Doktè Donald E. Fennoy II

Chak vandredi Sipèentandan Doktè Donald E. Fennoy II ap fè w konnen sa k ap pase nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Klike la a pou w li tèks mesaj la.
Fè Konesans ak Gradye Eksepsyonèl nou yo
Nou ap konplimante 14.000 gradye pwomosyon 2021 nou an. Aprann plis sou de twa ladan yo nan prezantasyon sa a. CKlike la a pou w gade videyo a.
Elèv Rekonpanse pou Bon Travay ak Karaktè 
 
Reyalizasyon akademik yo se pa sèl akonplisman ki fè yo rekonèt elèv nan fen ane lekòl la nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Atitid pozitif, bay ekzanp bon modèl, montre respè pou lòt moun, ak pran swen lekòl la ak kominote a fè yo aplodi elèv ki gen merit. Klike la a pou w li plis.

Yon Nouvo Lekòl Elemantè ap Gen pou Ouvri nan Boca Raton

Sipèentandan an ak manm Komite Direksyon Distri a te prezan pou poze premye wòch pou konstriksyon yon nouvo lekòl ki ap bati nan Boca Raton. Lekòl sa a ap genyen pou ouvri nan mwa out 2022. Lekòl la ap nan sidès Lekòl Mwayen Don Estridge High Tech. Klike la a pou w gade videyo a.
Yon Pwogram Sibvansyon Federal Fè Jwenn Rabè pou Sèvis Entènèt

Moun ki bezwen asistans finansye akoz pandemi COVID-19 kapab kalifye pou jwenn sibvansyon pou koneksyon entènèt apati yon pwogram Komisyon Kominikasyon Federal mete sou pye. Vizite paj sa a pou plis enfòmasyon.

Soti nan PTV - Elèv ak pwofesè nan rejyon Palm Beach yo te finalman fini ane a. Vandredi 18 jen se dènye jou lekòl la pou ane 2021-2021 an ki te yon ane difisil.

Men, nan Lekòl Segondè Park Vista nan Boynton Beach, Direktè Reggie Myers kapab pa pare pou dènye son klòch la. Myers ap pran retrèt li apre 40 ane ak Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la.  Klike la a pou w gade videyo a.
Suiv @PBCSDKreyol sou Facebook, Twitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl nan lang Kreyòl Ayisyen.