20 Oktòb 2025

 
Facebook  Instagram  X  YouTube

Lekòl Elemantè Wynnebrook Devwale Kanpis Modèn Li

 

Yon nouvo chapit pou yon bijou nan katye a! Felisitasyon pou tout kominote Lekòl Elemantè Wynnebrook la pou nouvo bèl kanpis modèn yo a.

 

Pou onore fondasyon li nan ane 1960 yo, nouvo etablisman sa a melanje rich istwa Wynnebrook la ak yon anviwònman aprantisaj modèn ki bati pou lavni. Sa a se plis pase yon senp bilding, se yon batiman pou kilti pozitif ak enklizif lekòl sa a ki gen nòt A!

 

Jete yon koudèy sou kanpis modèn nan.

Kris Leto Se Gayan Inisyativ Pwofessè Pou Semèn Nan

Kris Leto se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Elemantè Manatee. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a.

 

Li resevwa yon chèk $500 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li ak devouman li nan travay li. 

 

Klike la a pou gade videyo a.

Nonmen Yon Lekòl Pou Tout Pwofesè Ak Anplwaye Sipò Yo Resevwa Kodenn

Pwofesè nou yo gen anpil anvouman nan travay yo. Yo bay tan yo, enèji yo, ak pwòp resous yo pou asire chak timoun reyisi.

 

Pwogram Donasyon Pwofesè (Teachers Giving) ki soti nan òganizasyon Manje Pi Byen Viv Pi Byen an (Eat Better, Live Better) se yon fason pou montre rekonesans pou moun ki angaje yo anpil pou timoun nou yo ak kominote a.

 

Ranpli fòm sa a anvan vandredi 24 oktòb 2025 pou nonmen yon lekòl.

Patisipe Nan Pwogram VITA United Way

ďťżRejyon Palm Beach Laďťż

Pwogram Asistans Volontè pou Taks sou Revni (VITA) a se yon sèvis enpòtan United Way of Palm Beach County ap bay kominote a depi plis pase 20 ane.

 

Li ofri sèvis preparasyon taks pou moun ak fanmi ki gen revni ba ak modere ki kalifye pou kredi taks.

 

Enskri pou fè volontarya nan pwogram VITA a. Pa gen eksperyans ki nesesè epi volontè yo ap resevwa fòmasyon pou yo kapab sètifye pa IRS.

Ede Chwazi Pwochen Pwofesè Mizik Enstrimantal

ďťżPou Ane Aďťż

Èske w konnen yon pwofesè mizik ekstraòdinè nan Rejyon Palm Beach ki merite plis rekonesans?

 

Elèv, paran, kòlèg ak manm kominote a envite pou nominen pwofesè mizik enstrimantal lokal yo pou tit Pwofesè Mizik Enstrimantal Palm Beach Symphony pou Ane a.

 

Li plis bagay sou prim lan epi nominen yon pwofesè mizik ki merite l.

 

Soumèt nominasyon yo anvan 26 oktòb.