Vandredi 13 Novanm 2020
Mesaj Sipèentandan Doktè Donald E. Fennoy II

Chak vandredi Sipèentandan Doktè Donald E. Fennoy II ap fè w konnen sa k ap pase nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la.


Doktè Fennoy diskite sou yon inisyativ enpòtan ke Distri a ap lanse apre fèt Thanksgiving pou bay tès antijèn rapid nan lekòl yo.

Paran / responsab yo ap bezwen siyen epi retounen yon Fòm Konsantman pou pèmèt yon enfimyè lekòl teste pitit yo pou COVID-19, si elèv la ap montre sentòm yo.
Kiyès ki Pral Direktè pou Ane 2021 an nan Distri a?
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ap anonse ak fyète kat kandida pou prim Direktè pou Ane 2021 an. Yo reprezante chak youn nan kat rejyon distri lekòl la ki chwazi yo. Klike la a pou w gade reyaksyon direktè yo nan videyo a...
Klib Jwèt Devlope Zanmitay Epi Ede Konbat Maladi Kè

Revive se yon platfòm pou ede jwè aprann pran swen sante mantal yo ak byennèt fizik yo. Pwogram pilòt eSports lekòl segondè atravè American Heart Association enkòpore leson sou enpòtans dòmi, bon nitrisyon, pran brek pou detire, ak aktivite fizik, menmjan yo entegre li nan aktivite klib yo ak lavi yo. Klike la a pou w li plis...
Semèn Edikasyon Olokos Angaje Kominote a
Selebrasyon Edikasyon Olokos te fèt pandan dezyèm semèn mwa novanm nan jan yo mande pou enplemante sa nan kourikoulòm edikasyon eta Florid. Klike la a pou gade videyo a...
Plis Distribisyon Manje Avan Jou Aksyondegras
Lokal distribisyon manje lekòl yo ap fèmen semèn Aksyondegras la. Sèvis Manje Lekòl pral distribiye manje siplemantè pandan semèn avan an Madi ak Jedi nan 97 lekòl nan Distri a. Klike la a pou w li plis...
Malgre Seremoni Jou Veteran ane sa a te fèt vityèlman, siyifikasyon ak enpòtans objektif selebrasyon an pa t diminye. Distri a fyè pou onore tout gason ak fanm brav ki te sèvi peyi yo avèk fyète ak diyite.
[Klike imaj yo pou w wè pòs Facebook la]

Suiv @pbcsdkreyol sou Facebook, Twitter, ak Instagram pou jwenn mizajou nouvèl an Kreyòl.