Madi 9 Jen 2020
Pale ak Pitit ou Sou Pwoblèm Rasis
Distri a kreye yon paj entènèt ki gen resous ak enfòmasyon pou ede paran pale ak pitit yo sou koze ras. Paj entènèt la, (Konprann Ras ak Batay kont Rasis - Resous Itil pou Paran ak Elèv) gen materyèl pou fasilite konvèzasyon siyifikatif sou ras ak pitit ou.
PARAN! Tanpri Patisipe nan ANKÈT POU REOUVÈTI LEKÒL la. Opinyon w antanke paran enpòtan anpil nan pwosesis sa a paske plan yo dwe pran ankonsiderasyon bezwen elèv nou yo ak fanmi yo pandan yo mete priyorite sou sante, sekirite, ak byennèt kominote nou an. (Klike la a pou patisipe)
Gade Pwogram Akademik Pandan Ete a sou Televizyon ak sou Entènèt
Sesyon aprantisay pandan vakans ete a ap kòmanse lendi 8 jen epi y ap difize yo sou Kanal Edikasyon Distri a ki se TEN sou Comcast 234 ak AT&T Uverse kanal 99. Elèv yo kapab gade yo sou sou pòtal yo sou paj entènèt distri a. Pwogram sa yo ap kenbe timoun yo okipe pandan vakans la epi y ap ede yo tou pa fè bak nan nivo konesans akademik yo.
Aktivite Amizan pou Aprann Pandan Vakans Ete a
Pwogram Aktivite Amizan pandan Ete a gen tout bagay ladan l paran elèv lekòl elemantè bezwen pou yo fè. Gen sijesyon pou lekti, ak aktivite pou elèv ki ap rantre nan klas kindègatenn pou rive senkyèm.

Distribisyon Manje ap Fèt Madi ak
Jedi Pandan Vakans Ete a
Distribisyon manje ap kontinye fèt pandan vakans ete a. L ap fèt nan 52 lokal lekòl nan distri a. Ap genyen lòt ajans kominote tou ki ap bay manje pou fanmi yo.


Konferans Vityèl Etid Panyòl/Latino
Piblik la envite nan Konferans Vityèl Etid Panyòl/Latino demen mèkredi ak jedi. Jodi a se dènye chans pou enskri.

Konferans Vityèl Etid Afriken, Afriken Ameriken ak Karayibeyen
Patisipe soti 15 pou rive 17 Jen nan konferans anyèl Etid Afriken, Afriken Ameriken ak Karayibeyen ki ap pale ane sa a de Entegrasyon Etik Afriken, Afriken Ameriken ak Kararibeyen. Ap genyen yon prezantasyon sou Lang ak Kilti Ayisyen.
Sonje ranpli RESANSMAN 2020 an si w poko fè sa. W ap jwenn kesyonè a sou entènèt nan: http://2020census.gov