BON RETOU LEKÒL

Distri a kontan swete tout moun bon retou pou kòmansman ane lekòl 2023-2024 la. Misyon nou rete menm slogan an ki se: “Edike, Afime, ak Enspire chak elèv." Nou pran angajman pou kreye yon sans kominote kote chak moun santi yo gen valè, epi yo jwenn opòtinite pou atenn tout potansyèl yo.

Nou gen plis pase 100 an nou ap bay elèv nou yo edikasyon ak konpetans yo bezwen pou siksè akademik yo. Eta Florid la deziyen Distri a kòm yon Distri Lekòl ki gen gwo pèfòmans akademik. Sa se yon sipèb distenksyon ki konfime poukisa lekòl nou yo se pi bon chwa w!


Distri a gen yon paj entènèt espesyal pou rantre lekòl ki genyen lyen ki mennen sou paj enfòmasyon sou transpòtasyon, resous elèv bezwen, ak plis ankò.