Madi 9 Mas 2021
Sware Vityèl Enfòmasyon pou Fanmi Ayisyen
Depatman Edikasyon Miltikiltirèl ap òganize yon Sware Vityèl Koneksyon Fanmi Ayisyen Jedi 11 Mas 2021 soti 7:00 PM pou rive 8:00 PM. Sware sa a se pou bay paran enfòmasyon kijan pou yo ede pitit yo ak egzamen. Klike la a pou w li plis.  
Manje Gratis pou Elèv Pandan Vakans Prentan an
Anvan vakans prentan an Sèvis Manje Lekòl nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ap distribye bwat manje pou uit jou ki genyen dejene, dine, soupe ak ti pase bouch.
 
Distribisyon yo ap fèt Jedi 11 mas nan 140 lekòl. Klike la a pou w li plis.
Kalifikasyon pou Vaksen Kontinye ap Agrandi nan Florid
Kòmanse 15 Mas, eta Florid ap pèmèt tout rezidan ki genyen 60 ane oswa plis pase sa resevwa vaksen COVID-19 nan. Tout anplwaye lekòl ki genyen 50 ane oswa plis kapab resevwa l tou. Famasi federal yo tankou CVS ak Publix ofri vaksen bay tout anplwaye lekòl yo kèlkeswa laj yo. Klike la a pou w kote k ap bay vaksen.
Yon Elèv Kreye yon Jaden Jantiyès pou Ansyen Lekòl li
Jake Kerr, ki aktyèlman nan Lekòl Segondè Park Vista, reyalize yon pwojè jaden jantiyès nan ansyen Lekòl Elemantè li Citrus Cove pou enspire elèv ak pwofesè yo. Klike la a pou w gade videyo a.
Ankouraje Pitit ou Fè Lekti
Lekti se baz aprantisay nan tout domèn. Elèv nan tout nivo, primè, mwayen, ak segondè, dwe pratike li anpil pou yo kapab anrichi konesans yo epi devlope ladrès kritik yo. Èske w konnen 20 minit lekti pa jou genyen anpil efè pozitif sou timoun. Men 9 ide pou w selebre lekti.
Medya Sosyal Kreyòl Distri a Bezwen Nou Suiv Yo
Suiv medya sosyal Kreyòl Distri a pou montre enpòtans lang Kreyòl Ayisyen ak nesesite pwogram bileng Kreyòl/Anglè nan distri a tankou pwogram Panyòl/Anglè yo. Gen TWITTER, FACEBOOK, INSTAGRAM. Suiv nou sou @PBCSDKreyol.