27 Janvye 2025

 
Facebook  Instagram  X  YouTube
Resous Pou Fanmi Yo
Kalandriye 2024-2025
Santim Ou Ap Travay

Peryòd Aplikasyon Pou Pwogram Chwa Ap Fèmen

ďťżVandredi 31 Janvye


Se dènye semèn pou aplike pou youn nan 300+ pwogram chwa ak akademi karyè ki disponib nan distri a. Dat limit pou aplike pou yon pwogram chwa pou ane lekòl 2025-2026 la se vandredi 31 janvye 2025.


Klike la a pou aplike ak/oswa pou aprann plis.

Gade Kijan Jimèl Sa Yo Ap Fè Yon Diferans Pandan

ďťżMwa Nasyonal Konseye Gid La    

Nan onè Mwa Nasyonal Konseye Gid, yo te selebre jimèl sa yo ki ap anseye nan Village Academy nan Delray Beach pou gwo enpak ki dirab yo fè kòm konseye. Take Stock in Children Palm Beach County, yon òganizasyon ki konekte elèv ak konseye adilt, onore Doktè Shannon Solis ak Madam Sharmagne Solis pou kokennchenn travay yo fè pou sipòte, motive, ak enspire elèv pou yo rive atenn tout potansyèl yo.

 

Klike la a pou w gade videyo a.

Elèv Lekòl Segondè Distri Yo Fè Eksperyans Nan Marin  

Elèv nan Lekòl Segondè Palm Beach Gardens te patisipe nan eksperyans nan domèn Marin peyi Etazini. Objektif la se te pèmèt yo voye yon kout je kijan operasyon yo fèt. Evènman an prezante similasyon reyalite vityèl, tankou lansman yon avyon F-35 apati yon pòtavyon. Elèv yo te eksplore tou yon tablo enfòmasyon dijital ki montre istwa bato US Navy yo atravè lemond. Anpil nan patisipan yo se te etidyan JROTC ak STEM.

 

Klike la a pou w gade yon rezime eksperyans nan.

Remèsye Yon Pwofesè Kòm Pwofesè Pou Semèn Nan

Bonnie Butterfly se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Mwayen Watson B. Duncan. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a.

 

Li resevwa yon chèk $350 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif pou ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li.


Klike la a pou nonmen yon pwofesè!

 

Klike la a pou gade videyo a.

Preliminè Konpetisyon Akademik 2025 Ap Chofe   

Elèv lekòl segondè nan distri a ap teste konesans yo ak ladrès yo pou reflechi rapid nan Konpetisyon Akademik 2025 la. Gade pèfòmans elèv ki te nan faz preliminè konpetisyon an nan sijè tankou matematik, atizay, syans, syans sosyal, lang, elatriye. 

 

Klike la a pou w gade yon rezime enteresan preliminè yo.

Nou Vle Tande Opinyon W 

Kesyonè Sou Efikasite Lekòl Yo (SEQ) bay paran, elèv ki nan klas 3yèm rive 12yèm ane, ak anplwaye ki nan lekòl yo yon opòtinite pou yo bay distri a opinyon yo. Repons nan kesyonè sa a ap bay enfòmasyon enpòtan ki ap ede lekòl yo ak Distri a devlope ak soutni Ekselans ak Kwasans Akademik, ak yon Kilti ki konsantre sou Elèv, ki se tèm santral nan Plan Estratejik la.

 

Sondaj la ap rete ouvè jiska vandredi 14 fevriye 2025 pou paran ak elèv.

 

Klike la a pou w patisipe.