Madi 2 Fevriye 2021
Twa ti Konsèy Senp pou Devlope Lanmou pou Lekti Lakay Pitit ou

Kite pitit ou chwazi kalite liv li vle ki enterese l pou li se jis youn nan mwayen ou kapab devlope abitid lekti lakay li san ou pa ba li presyon. Gade videyo a ki bay plis konsèy pratik toujou.
Konpliman Direktè Direktris Ane a

Distri Lekòl Rejyon Palm Beach nonmen Rachel Capitano ki soti nan Lekòl Segondè Don Estridge Direktris pou ane a, epi Justin Arnone ki soti nan Lekòl Segondè Palm Beach Central vini premye gayan prim Asistan Direktè distri a. Klike la a pou gade videyo a.
Remèsye Konseye Akademik Lekòl ou a Semèn sa a

Semèn sa a se Semèn Nasyonal Konseye Akademik Lekòl. Nou apresye epi remèsye konseye nou yo pou tout sa yo pote nan lavi ak nan edikasyon timoun lekòl nou yo. Konplimante yon konseye lekòl apati medya sosyal yo la a.
Aktivite Vityèl pou Mwa Istwa Nwa

Mwa Fevriye se Mwa Istwa Nwa. Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la fyè pou akonpaye kominote a nan selebrasyon akonplisman Nwa Ameriken. Klike la a pou w patisipe nan yon konvèzasyon vityèl.
Miami Dolphins Onore Jwè Football Feminen Ameriken nan Park Vista

Mèkredi se Jou Nasyonal Prezans Jèn Fi ak Dam nan Espò. Miami Dolphins fè kado ekipman ak bwat manje pou ekip foutbòl feminen ameriken Lekòl Segondè Park Vista. Gade repòtaj nan medya a pou vizit espesyal la.
Elèv Suncoast Ede Mete Stidyo TV nan Grassy Waters

Lekòl Elemantè Grassy Waters se youn nan 10 lekòl ki jwenn yon renovasyon nan estidyo televizyon ak teknoloji modèn gras ak yon inisyativ elèv nan Lekòl Segondè Suncoast.