Madi 10 Mas 2020
Prevansyon ak Preparasyon pou Coronavirus (COVID-19)
Sante ak sekirite elèv ak anplwaye se premye priyorite Distri a. Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la kontinye travay sere sere ak Depatman Sante Florid (FDOH) ak Sant pou Kontwòl Maladi (CDC) pou kontwole COVID-19, ke yo rele Coronavirus.
Yon Pwofesè Ayisyen Ranpòte Pri Pwofesè pou Ane a
Syndie White ranpòte pri Pwofesè pou Ane a nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Sipèentandan Doktè Donald E. Fennoy II fè anons la pandan yon vizit sipriz nan klas twazyèm ane pwofesè White nan Lekòl Elemantè Elbridge Gale nan Wellington jedi 5 mas 2020 an.
Anplwaye Lekòl Pou Ane a
Ivey Colligan nonmen pou resevwa pri Anplwaye Lekòl pou Ane a pou Distri Lekòl Rejyon Palm Beach. Colligan gen 21 ane ap travay nan distri a. Aktyèlman li se sekretè direktris Lisa Lee nan Lekòl Elemantè Orchard View. Li pase plizyè pozisyon nan biwo lekòl yo ak nan Depatman Sèvis Manje Lekòl avan l vin sekretè.
Pa bliye pou w bay opinyon w.
Ankèt la ap fini vandredi 13 mas. Nou vle tande opinyon w. Kesyonè sou efikasite Lekòl yo (SEL/ SEQ) mezire pèsepsyon w osijè efikasite lekòl nou yo.
Kesyonè a bay lekòl yo ak Distri a bon jan enfòmasyon pou yo devlope epi kenbe yon klima pozitif ki bay sipò pou gwo pèfòmans ki se tèm prensipal nan plan estratejik la.
 
KILÈ: Ankèt la ap kòmanse 17 Fevriye epi l ap fini 13 mas
POU KIYÈS ENVITASYON SA A: Paran elèv ki enskri nan lekòl elemantè, mwayen, ak segondè nan distri a.
Sant Akèy la ap bay vaksinasyon gratis pou timoun ki gen 2 mwa jiska klas 12zyèm ane nan dat sa yo ki nan flayè anba. Gade dokiman w ap bezwen pote pou w kapab vaksinen.
Opsyon pou Vaksen Kont Grip
Malerezman, Healthy Schools, LLC, ki bay vaksen kont grip pou elèv ki nan lekòl nou yo, sispann pwogram vaksen kont grip la pou ane lekòl sa a. Li enpòtan pou paran yo okouran de lòt opsyon kote vaksen kont grip la disponib pou timoun a ba pri oswa gratis. (Klike la a pou w li plis)
LAJAN TAKS REFERANDÒM 2016 LA AP TRAVAY
Lekòl Elemantè Wellington fèk resevwa biwo ak chèz tounèf, gras ak fon lajan referandòm sou taks lavant 2016 la.
NIMEWO ENPÒTAN DISTRI A

Transpòtasyon......................561-357-1110

Operatè Telefòn....................561-434-8000

Pwogram Ochwa..................561-434-8755

Depatman ESE......................561-434-8740

Pwogram Apre Lekòl............561-687-6387

Biwo Sipèentandan..............561-629-8599

Komite Direksyon...................561-357-766