Madi 27 Oktòb 2020
Remèsye Yon Pwofesè!
Kiyès w ap Nonmen?
Nou apresye travay di pwofesè nou yo chak jou, espesyalman ane lekòl sa a. Nou vle selebre yo plis paske yo chwazi lekòl anseye pitit nou. Distri a ap fè kanpay pou remèsye pwofesè nou yo pou travay eksepsyonèl yo. Klike la a pou w li plis.
Lidè nou yo ap Patisipe nan Webinar pou Pale Osijè Ekite
Sipèentandan Donald E. Fennoy, II ak manm Komite Direksyon Distri a Doktè Debra Robinson pral pale sou fason pou bay sipò pou elèv nan yon anviwonnman ki baze sou ekite, divèsite, ak enklizyon. Webinar Mèkredi sa a a 3:00 p.m. 
Akademi Cybersecurity Prepare Elèv pou Karyè
Elèv ki nan Adademi Cybersecurity nan Lekòl Segondè Santaluces gen opòtinite pou ak omwen sis sètifikasyon pwofesyonèl, gras a yon sibvansyon $750,000 ki soti nan Frederick A. DeLuca Foundation. Klike la a pou w li plis.

Tòp Edikatè Atizay nan Florid Nan Rejyon Palm Beach la
Doktè Nicole Crane se yon pwofesè atizay nan Lekòl Elemantè Elbridge Gale. Li genyen plis pase 20 ane eksperyans nan edikasyon. Li resevwa dènyèman Prim 2020 Edikatè Atizay Eksepsyonèl pou Ane a pou Eta Florid nan men Florida Art Education Association (FAEA). Klike la a pou w li plis.
 
Nouvo Pwotokòl pou Espektatè nan Aktivite Espò yo
Atlèt nou yo ap retounen monte teren yo pou jwe espò prefere yo. Paran pral gen opòtinite wè pitit yo ki ap pèfòme. Men pwotokòl pou espektatè. Klike la a pou w li plis.