28 Avril 2025

 
Facebook  Instagram  X  YouTube
Resous Pou Fanmi Yo
Kalandriye 2024-2025
Santim Ou Ap Travay

Anons Loreya Konkou Disètasyon

Mwa Eritaj Ayisyen Me 2025

 

Pami disètasyon eksepsyonèl elèv lekòl segondè nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ekri, twa loreya ranpòte prim pou konkou ane sa a. Tèm nan se: "Kiyès ki se ewo ayisyen w epi poukisa / Who is your Haitian Hero and why?"

 

Felisitasyon pou gayan konkou ane sa a:

 

• Mike Fleurme, Klas 12yèm – Lekòl Segondè Boynton Beach, premye plas

• Gerdelin Dumas, Klas 11yèm – Lekòl Segondè Glades Central, dezyèm plas

• Christ B. S. Etienne, Klas 11yèm – Lekòl Segondè Boynton Beach, twazyèm plas

 

Twa lòt elèv klase katriyèm, senkyèm, ak sizyèm plas. Yo se:

 

• Ashley Lovinsky, Klas 11yèm – Lekòl Segondè Santaluces, katriyèm plas

• Sabra Lamy, Klas 10yèm – Lekòl Segondè Seminole Ridge, senkyèm plas

• Cardaryll Davis, Klas 12yèm – Lekòl Segondè Crossroads Academy, sizyèm plas

 

Klike la a pou w li plis. 

Soumèt Aplikasyon pou Enskripsyon Kontwole anvan 30 me

Aplikasyon pou Enskripsyon Kontwole pou ane Lekòl 2025-2026 la ouvri depi lendi 14 avril 2025 jiska vandredi 30 me 2025.

 

Rezilta pou aplikasyon Enskripsyon Kontwole 2025-2026 la ap bay lendi 9 jen 2025. Enskripsyon Kontwole pèmèt elèv yo aplike epi ale nan yon lekòl ki andeyò zòn prezans regilye yo.

 

Klike la a pou aprann plis epi aplike sou entènèt.

Mwa Nasyonal Defans Elèv Bileng/Miltileng

Avril se Mwa Nasyonal Defans Elèv Bileng/Miltileng. Nou vle mete aksan sou twa lekòl nan distri a ki genyen pwogram bileng Kreyòl/Anglè. Lekòl yo se: Lekòl Elemantè Rolling Green, Lekòl Elemantè Indian Pines, ak Lekòl Elemantè Lake Park.


Distri a ankouraje paran pran avantaj opòtinite pou pitit yo aprann nan de lang kontni akademik nan lekòl yo. 

Remèsye Yon Pwofesè Kòm Pwofesè Pou Semèn Nan

Brandi Sangster se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Dwight Eisenhower K-8. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou anons sa a.

 

Li resevwa yon chèk $350 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif pou ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li ak devouman li nan travay li.


Klike la a pou nonmen yon pwofesè!

 

Klike la a pou gade videyo a.

Nouvo Epizòd “Sipèentandan An Ap Mete Men Nan Pat La”: Volontè Lekòl Yo

Nan edisyon sa a, Sipèentandan Mike Burke pase tan ak Volontè Lekòl devwe Madam Stephanie Wallaert nan Lekòl Elemantè Panther Run. Kontribisyon volontè lekòl yo tankou Madam Wallaert anrichi eksperyans edikasyonèl anpil elèv ki nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la.

 

Klike la a pou w gade epizòd la.