Madi 28 Me 2019          
Podyòm Mwa Eritaj Ayisyen
Nou selebre eritaj nou ak fyète.

Nou konekte ak tout sa ki idantite nou: lang nou, istwa nou, literati nou, elatriye…

GESSY VOLCIMUS
Bibliyotèk Belle Glade
Konpliman pou Elèv Klas Tèminal nou yo k ap Gradye

Nou nan peryòd gradyasyon. Soti nan premye seremoni gradyasyon an pou rive 30 Me, ap genyen anviwo 17.000 elèv nan klas tèminal nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ki resevwa diplòm yo. Nou di yo tout KONPLIMAN.

Erica Whitfield Ranpòte Prim Chanpyon Kominotè

Erica Whitfield, reprezantan distri 4 nan Komite Direksyon Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ranpòte prim Chanpyon Kominotè Prime Time pou ane 2019 la. N ap mete ansanm pou di li konpliman.
Kreyòl 101 pou Elèv pou Selebre Mwa Eritaj Ayisyen

21 Me, 2019, nan Bibliyotèk Belle Glade la, elèv yo t ap pale yon lòt lang: kreyòl ayisyen.

"Kreyòl Ayisyen pou Timoun" se non aktivite a. “Rejyon Glades la lakay yon gwo popilasyon ayisyen. Konesans lang yo kapab benefisye pou yon moun k ap viv nan zòn nan,” Se sa Gessy Volcimus, ki se Chèf Sèvis pou timoun ak jèn timoun nan Bibliyotèk la, deklare.  (Klike la a pou w li plis)
Vakans Prèske Rive: Paj Entènèt pou Elèv Aprann Pandan Vakans   
Elèv soti nan kindègatenn pou rive nan klas douzyèm kapab jwenn yon pakèt aktivite ak resous pou yo kontinye aprann pandan vakans ete a. Paj sa a genyen tout sijè yo ladan l, aktivite kominotè ak resous pou tout fanmi an.
* Lekti/Redaksyon
* Matematik
* Syans
* Syans Sosyal

Tanpri suiv nou sou platfòm twitter kreyòl la?

Klike la a pou suiv nou sou Twitter @PBCSDKreyo l

Twitter se youn nan medya nou itilize pou bay nouvèl distri a.
Preparasyon ak distribisyon Biwo Kominikasyon ak Angajman
Bito David, Editè

pou enfòmasyon kontakte  bito.david@palmbeachschools.org |  561-738-2776  
Dwa Otè © 2018. Tout Dwa Rezève.